Noumenm nan Centre à la Une, nou vle pran angajman nou ansanm ak tout moun atravè lemond ki leve vwa yo kont vyolans ke yo fè sou fanm yo. Jounen jodi a, 25 novanm, se pa sèlman yon moman pou nou make yon dat, men yon apèl pou aksyon konkret, refleksyon pwofon, ak solidarite.
Vyolans sou fanm se yon vyolasyon grav dwa moun ki afekte lavi, rèv, ak avni plizyè milyon fanm ak tifi atravè mond lan chak ane. Nan kontèks Ayiti ak lòt peyi kote ensekirite, enpinite, ak inegalite règne, lit sa a mande tout angajman posib.
Nou envite tout aktè sosyal, òganizasyon, ak sitwayen angaje yo vin patisipan aktif nan batay sa a. Li esansyèl pou denonse tout fòm vyolans — fizik, seksyèl, emosyonèl, ekonomik, oswa estriktirèl — epi ankouraje respè, egalite, ak libète pou tout moun, espesyalman pou fanm ki souvan viktim de yon sistèm ki defavorize yo.
An n travay ansanm pou bati yon sosyete kote fanm yo santi yo an sekirite, respekte, epi bay jarèt nan kontribisyon yo pou devlopman dirab. Fanm yo pa sèlman viktim; yo se poto mitan ak solisyon pou yon avni miyò.
« Vyolans sou fanm se yon wont pou sosyete nou. An n pran angajman pou elimine l! »
Tout pawòl pale, tout aksyon konte!