Yon lèt Anseyan Florince Frgile ekri tout Anseyan ann AYITI.

Kòlèg Anseyan mwen yo, nou menm ki pote lespwa peyi a sou zepòl nou grandi ak baton krè a. Se avèk yon kè lou, yon nanm plen ak traka, yon men k ap tranble, yon lespri k ap tatonnen, pou wè si m a jwenn 2 grenn mo pou m ekri nou jodi 17 me 2025 la.

Mwen pa sèvi ak mòso lakrè jodi a, mwen pran yon plim pito. Non sèlman kòm pwofesè, men kòm yon frè, yon konpanyon nan sa n ap viv chak jou la yo. Nou pa sèlman pataje menm metye, nou pataje menm soufrans, menm ensekirite, menm neglijans ak silans Leta Ayisyen pandan yo chwazi fèmen je yo, bouch yo, biwo yo, kè yo sou nou. Nou menm, nou ouvè tout sa nou genyen : kè nou, lespri nou, tan nou, jiskaske nou pa gen anyen ki rete pou bay ankò.

Mwen pa ekri nou kòm yon “konseye”, mwen pa pale nou kòm yon otorite. Non plis mwen pa eksprime mwen kòm yon obsèvatè a distans; mwen ekri nou paske m se youn pami nou k ap viv reyalite a san manke yon jou.
Tankou nou, mwen leve chak maten ak kè sere, mwen gade lavi mwen, peyi mwen, ak dlo nan zye. Sa koz tèt mwen lou tankou pwa senkant. Tè mwen cho tankou yon vè lanp. M ap mande kote m ap jwenn lekòl pou m mete pitit mwen Ayiti lè m gade m kòm pwofesè k ap viv tankou zonbi yo mete travay nan jaden san rekonpans.

N ap viv isit, men tankou se lonbraj nou ki la, lespri m vwayaje lontan sa. An verite mwen santi m se yon pwofesè san klas, yon papa san mwayen; yon sitwayen peyi li bliye. Nou pa kapab fè travay nou, pa paske nou pa vle, men paske sistèm nan kraze, paske Leta a fèmen pòt sou nou.

Depi plizyè mwa pòt lekòl fèmen Mibalè ak Sodo. Sa pa di mouche leta anyen. Nou pa jwenn elèv nou yo pou n bay konesans. Nou mawon byen lwen lakay. Nou pa gen travay, nou pa gen lòt sous revni, nou pa gen moun pou tande nou. Nou pa gen ni rele ni reponn. Okontrè kote nou kache a, nou boulvèse chak fwa nou wè yon elèv nou ki te kouri menm jan avèk nou pou sove ti bout souf li. Li oblije rete san l pa frekante yon sal klas pou tèmine rès ane lekòl li. Nou chita ap gade telefòn nou, pa pou mesaj lanmou, men pou wè si gen yon nouvèl ki ka ba nou lespwa… Jiska prezan, elas !!!

Pwofesè ki la pou fòme san lògèy, pwofesè k ap transmèt konesans san mechanste, pwofesè ki toujou bay espwa malgre lavni pa yo pa sèten, jodi a tonbe nan dòmi nan bwa. Nou se poto mitan, poutan nou trete tankou fatra. Nou se limyè k ap limen lespri jenerasyon k ap vini yo, alòske nou mouri nan fènwa.

Leta siyen akò avèk nou, li pwomèt nou kat debi, salè rezonab, respè, ak diyite… Jouk jounen jodi a, nou pa jwenn ni youn , ni lòt. Nou tann jouk n ap tounen pwatann. Nou simen lespwa men nou pa rekòlte rekonesans, okontrè kòm rekonpans, yo mete nou deyò lakay nou. Nou la san konnen pou kilè ak pou konbyen. Moral nou kòmanse bese. Nou santi feblès ap fini ak nou. N ap viv kote nou pa t swete, n ap manje sa n pa t espere lè nou resi jwenn yon bagay, n ap dòmi kote n pat reve.

Nou la san okenn garanti, san okenn soutyen. Gen konpansasyon pou tout lòt gwoup sof pou pwofesè.
Kijan yon moun ka kontinye kwè, lè tout sa l ap viv se pase nan betiz, woule debò, trayizon ak mizè ? Ki jan yon moun ka kontinye anseye, lè li pa menm gen mwayen pou nouri pitit li ? Ki jan yon nasyon ka grandi lè li trayi sila yo ki ap fòme li ? Nou pa senpleman pèdi lekòl, nou pèdi valè n ak diyite n.

Chak fwa yon anseyan mete rad sou li pou l ale anseye, se tankou li pral bay nesans a yon lòt jenerasyon pou pran larelèv. Men jodi a se silans, enkyetid ak dezespwa ki make sou vizaj anseyan ak elèv yo.

Mwen ekri nou ak kè mwen. Mwen ekri nou ak doulè mwen paske mwen santi, nan chak pwofesè ki pa ka fè klas li, chak pwofesè k ap gade ane lekòl la ki rezime ak anyen, chak pwofesè k ap gade tout dat enpòtan nan listwa AYITI ki pase inapèsi pou lekòl yo, gen yon santiman revòlt, kote elèv yo p ap konn valè okenn dat enpòtan nan listwa yo kòm moun.

Mwen ekri pou m di nou m santi endiyasyon an travèse tout zantray mwen. Nou ki montre tout moun kòman pou yo defann dwa yo tandiske dwa pa nou pase anba pye. Mwen voye lanmou, respè, solidarite, ak tout kouraj mwen bay nou, pwofesè ki Mibalè, Sodo, epi tout pwofesè Ayiti k ap viv menm kalvè a.

Anseyan d’Ayiti, an depi de tou, nou p ap lage bay. N ap kenbe kenbe flanbo enstriksyon an byen wo. N ap kenbe pou tèt nou, pou pitit nou, pou Ayiti, menm si yo lage nou jodi a.Yon jou, mwen kwè vwa nou ap rive travèse tout sistèm. N ap kenbe paske limyè k ap limen sosyete a, se nou menm li ye. Menm si se ak dlo nan je, nou p ap janm trayi lespwa. Paske nou se rasin lavi a. Nou se vwa limyè nan mitan fènwa, nou se sila k ap kenbe espwa vivan, menm lè tout bagay sanble fini, an n pa janm bliye : sSi pèp sa a gen yon chans pou li leve, se sèl si se pwofesè plante grenn lan.

Florince Fragile, pwofesè, frè sòlda nan lagè silans lan; moun ki viv reyalite a ansanm ak nou.