Yon manda rechèch ki soti nan Pakè Tribinal Sivil Kwa-de-Bouke vize yon tiktokèz ki rele Esther Thomas, alyas « Nice B », nan kad yon ankèt jidisyè kote non yon lòt fanm, yo konnen sou non « Baby Love », asasinen ak kout manchèt.

Dapre dokiman an, ki pote dat 5 septanm 2026, Komisè Gouvènman an, Guy Alexis, mande Responsab Direksyon Depatmantal Lwès II (DDOII), Direksyon Santral Polis Jidisyè (DCPJ) ansanm ak Chèf Komisarya Taba pou pran dispozisyon ki nesesè pou lokalize Esther Thomas epi mennen li devan Pakè Kwa-de-Bouke.

Dokiman an fè referans ak plizyè dispozisyon nan Kòd Penal Ayisyen an, pami yo atik 241, 242, 243 ak 247. Pakè a mande fòs lòd yo pou fè entèvansyon ki nesesè, arete moun yo vize a epi mennen li devan lajistis pou bezwen ankèt la.

Yon videyo ki soulve gwo endiyasyon

Demach jidisyè sa a rive nan yon moman kote imaj ki sikile sou rezo sosyal yo montre yon jèn fi k ap sibi yon zak vyolans ekstrèm, kote plizyè moun prezante kòm manm prezime 400 Mawozo ta patisipe nan asasina li ak manchèt.

Nan diskisyon k ap fèt sou entènèt la, kèk itilizatè idantifye yon moun yo rele « Tèt Kale » kòm yon manm prezime gang lan. Non Esther Thomas, alyas « Nice B », yon enfliyansè, parèt tou nan diskisyon ki antoure imaj yo.

Kesyon sou efikasite repons sekirite a

Nouvo zak vyolans sa a relanse deba sou kapasite aparèy sekirite peyi a pou pwoteje popilasyon an kont gwoup ame yo. PNH ak FAd’H benefisye plizyè dizèn milya goud nan kredi chak ane, pandan leta ayisyen te siyen tou yon kontra 52 milyon dola ameriken ak Windward Wyoming LLC, yon konpayi ki asosye ak biznisman ameriken Erik Prince, pou sèvis sekirite.
Dapre FJKL, anviwon 35,5 milyon dola ameriken te deja debouse ant avril ak novanm 2025 nan kad kontra sa a.

Malgre resous finansye enpòtan sa yo ki mete disponib pou ranfòse sekirite, gwoup ame yo kontinye komèt zak vyolans grav, egzèse kontwòl sou plizyè zòn epi simen laperèz nan mitan popilasyon an.

Li enpòtan pou souliye: manda rechèch la se yon mezi ki antre nan kad yon pwosedi jidisyè. Li pa reprezante, pou kont li, yon kondanasyon, ni li pa etabli definitivman koupabilite Esther Thomas. Se ankèt ak pwosedi lajistis la ki dwe pèmèt otorite konpetan yo etabli reyalite yo ak responsablite chak moun.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841