Gen yon tandans k ap pran twòp plas nan fason nou evalye moun nan sosyete ayisyen an, sitou moun ki antre nan politik oswa ki deja pase nan fonksyon piblik. Depi yo prezante non yon pèsonalite, olye deba a kòmanse sou parcours li, kapasite li, aksyon li, rezilta li, erè li oswa vizyon li, anpil fwa premye reyaksyon an se: «Kisa li fè pou mwen?», «Lè li te nan pouvwa, èske li te ban mwen yon travay?», «Èske li te ede fanmi mwen?», «Èske li te mete yon moun pa m nan Leta?» Si repons lan se non, moun nan fasil vin klase kòm yon moun ki «pa fè anyen». Men si nou kontinye mezire sèvis piblik ak avantaj pèsonèl nou resevwa, ki kalite Leta nou espere konstwi? Ki kalite demokrasi nou vle genyen? E ki kalite lidè nou menm, kòm sosyete, n ap ankouraje?

Se pa paske yon moun pase nan politik ki fè li otomatikman yon bon moun, menm jan se pa politik ki fè li otomatikman yon move moun. Politik se yon zouti pou òganize lavi kolektif. Se moun, pratik yo, enterè yo ak fason yo egzèse pouvwa ki kapab fè politik sèvi byen komen oswa sèvi enterè patikilye. Gen moun ki antre nan politik pou jwenn pouvwa, privilèj, lajan oswa enfliyans. Gen lòt ki antre ladan l paske yo genyen yon vizyon, yon angajman oswa yon volonte pou sèvi. Gen moun ki echwe. Gen moun ki fè erè. Gen moun ki trayi pwomès yo. Genyen tou moun ki pase plizyè ane nan lavi yo ap fòme tèt yo, travay, sèvi kominote yo, defann kòz piblik epi pran risk pou yo pote kontribisyon pa yo. Se poutèt sa nou dwe aprann fè diferans. Yon sosyete serye pa kondane tout moun ansanm. Li egzamine moun yo youn apre lòt, sou baz aksyon, responsabilite ak rezilta.

Se menm refleksyon sa a ki dwe gide nou lè yon medya prezante yon pèsonalite politik. Prezante yon moun pa vle di sipòte li. Fè yon entèvyou ak yon ansyen depite pa vle di mande moun vote pou li. Fè pòtrè yon senatè, yon majistra, yon minis, yon responsab pati oswa yon moun ki ta kapab kandida pa vle di medya a mete tèt li nan sèvis moun sa a. Travay laprès se tou prezante aktè sosyete a, kestyonnen yo, fouye parcours yo, mete bilan yo devan piblik la epi kite sitwayen yo egzèse lespri kritik yo. Si chak fwa yon medya pale sou yon politisyen nou rele sa pwopagann, kijan piblik la pral konnen moun ki vle dirije li yo? Okontrè, se plis kestyon ki dwe poze. Se plis ankèt ki dwe fèt. Se plis bilan ki dwe egzamine. Se konsa nou kapab separe kominikasyon politik ak enfòmasyon piblik.

Men gen yon pwoblèm ki pi fon toujou. Nan sosyete nou an, nou souvan renmen yon responsab piblik selon sèvis pèsonèl li rann nou. Yon depite jwenn travay pou yon moun, li vin «bon depite». Yon senatè fè yon entèvansyon pou yon fanmi, li vin «bon senatè». Yon majistra bay yon ti avantaj, li vin «bon majistra». Men èske se sa fonksyon piblik la ye? E lòt sitwayen ki pa konnen responsab la? E moun ki pa nan pati li? E moun ki pa gen nimewo telefòn li? E moun ki pa kapab rive devan pòt li? Leta pa kapab fonksyone sou baz relasyon pèsonèl. Lè yon dwa depann de moun ou konnen, li sispann fonksyone kòm yon dwa pou li vin yon favè. Se youn nan pi gwo pwoblèm ki anpeche nou bati enstitisyon solid.

Nou dwe menm genyen kouraj pou nou poze kestyon ki pi deranjan an. Èske se politisyen yo sèlman ki kreye kliyanelism politik la, oswa èske yon pati nan sosyete a ankouraje li tou? Lè nou mande depite travay olye nou mande li lwa ak kontwòl sou gouvènman an, lè nou mande senatè avantaj pèsonèl olye nou egzije travay lejislatif, lè nou mande majistra favè olye nou mande sèvis minisipal ki fonksyone pou tout moun, nou menm tou nou patisipe nan detounen fonksyon Leta. Apre sa, menm politisyen nou kritike paske li achte fidelite politik la se pafwa li menm nou te mande pou satisfè bezwen patikilye nou. Sa kreye yon sèk kote kandida achte popilarite ak sèvis pèsonèl, elektè vann jijman politik yo pou avantaj imedya, epi enterè kolektif la rete deyò pòt la.

Sa pa vle di yon responsab piblik dwe endiferan devan pwoblèm yon sitwayen. Okontrè. Yon responsab dwe disponib, koute moun epi ede enstitisyon yo reponn ak bezwen popilasyon an. Men gen yon diferans ant ede yon sitwayen jwenn aksè ak dwa li ak sèvi ak pouvwa piblik pou distribye favè. Premye a ranfòse Leta. Dezyèm nan febli li. Yon bon responsab se pa sila ki jwenn yon travay pou dis zanmi pandan plizyè milye lòt moun rete deyò sistèm nan. Pi bon travay li ta kapab fè se kontribye nan kreye yon sistèm kote moun jwenn opòtinite selon règ, konpetans ak bezwen peyi a, san yo pa oblije konnen yon politisyen.

Se poutèt sa tolerans politik nou bezwen an pa vle di fèmen je sou fot moun. Tolerans pa vle di aksepte koripsyon, enkonpetans oswa move jesyon. Li vle di aprann jije moun avèk kritè ki jis. Si yon moun te responsab piblik, ann gade bilan li. Si li fè byen, ann rekonèt sa. Si li fè mal, ann montre sa ak prèv. Si li vle retounen nan politik, ann kestyonnen pwojè li. Si li te sèvi pandan plizyè ane, ann egzamine sèvis sa yo. Men ann sispann detwi repitasyon moun sèlman paske yo pa t rezoud pwoblèm pèsonèl nou, paske yo pa soti nan kan pa nou oswa paske nou pa renmen non yo. Demokrasi pa kapab grandi kote dezakò otomatikman tounen rayisman.

Ayiti bezwen kritik. Ayiti bezwen anpil kritik menm. Men peyi a bezwen kritik ki chita sou refleksyon, enfòmasyon ak responsabilite. Rezo sosyal yo bay chak moun dwa pou pale, men libète pou pale pa retire responsabilite pou reflechi. Nou kapab pa renmen yon politisyen. Nou kapab opoze ak li. Nou kapab kritike bilan li avèk fòs. Men nou dwe kapab eksplike poukisa. Sinon, deba politik la vin tounen yon batay ant moun ki renmen ak moun ki rayi, pandan kestyon ki pi enpòtan yo disparèt: èske moun nan konpetan? Èske li onèt nan jesyon li? Ki rezilta li genyen? Ki vizyon li? Èske aksyon li koresponn ak diskou li? Èske li sèvi enterè piblik?

Se chanjman mantalite sa a nou bezwen si nou vle chanje politik la. Paske nou pa kapab mande yon lòt kalite lidè pandan nou kontinye itilize menm ansyen kritè yo pou chwazi yo. Nou pa kapab mande enstitisyon pandan nou mande favè. Nou pa kapab mande merit pandan nou defann patizanri. Nou pa kapab mande responsablite pandan nou jije yon moun sèlman selon sa li fè pou nou pèsonèlman.

Yon politisyen pa dwe bon paske li sèvi mwen. Li dwe bon si li sèvi byen komen. Li pa dwe move paske li pa ban mwen yon travay. Li dwe jije sou fason li egzèse responsabilite li. Se diferans sa a ki separe sitwayènte ak kliyanelism. E toutotan nou pa aprann fè diferans sa a, n ap kontinye chanje moun nan pouvwa san nou pa chanje sistèm ki pwodwi menm rezilta yo.

By Jean Launy Avril

Je suis un guerrier de la vieille école. Nou fòme nan Syans Jiridik , Filozofi , Antropoloji sosyal e Syans Politik ak metriz nou nan Syans Sosyal domèn dwa moun ak demokrati .Nou se konsiltan plizyè medya entènasyonal nan kad dosye Ayiti yo . Aktivman angaje nan rechèch nan domèn istwa entènasyonal, jeyopolitik e konfli pi presizeman istwa kontanporèn nan '"Nantes Université'" peyi LaFrans. Apwòch nou yo entèdisiplinè ki konbine metodoloji syantifik, kritik achiv ak refleksyon sou memwa kolektif. Nou se manm fondatè et Direktè jeneral jounal "Centre à la UNE". Mail: jean.launy.avril@mi.unc.edu.ar