Dimanch 08 oktòb 2023 a, aprè desizyon konsèy Minis yo, finalman yo chwazi ekonomis Ronald Gabriel pou ranplase Jean Biden Dubois kòm Gouvènè Bank Repiblik Ayiti (BRH) ki te nan pòs la depi 2015. Pi lwen, Mathieu Fortunat vini DG BRH epi vis Gouvènè a toujou rete nan plas li.

Mesye Ronald Gabriel fè yon metriz nan ekonomi nan inivèsite « Montréal Canada » aprè li te fin dekroche yon diplòm nan CTPEA Ayiti. Anplis li te Direktè jeneral BRH etou li te Direktè ezekitif fon Devlopman.

Ronald te monte kòm direktè jeneral BRH depi 2019. Ant 2015 a 2019 li te manb Konsèy administrasyon bank lan kòm konseye ekonomik, kòdonatè politik monetè, e direktè monè ak analiz ekonomik.

Konsèy administrasyon BRH repati konsa: Ronald Gabriel Gouvènè, Georges Henry Gouvènè adjwen ,Mathieu Fortunat Direktè jeneral epi Michèle Delerme ak Florient Jean Marie manb.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841