La jistis ameriken kondane jodia Jhon Joel Joseph pou li pase tout rès vi li nan prizon,daprè sa Jij kite sou dosye a,Jose Martinez deklare Jhon Joel Joseph koupab nan lanmò ansyen prezidan Jovenel Moise paske li te bay machin ak plizyè lòt resous ankò pou te touye ansyen prezidan Jovenel Moise,Jhon Joel te gen plizyè rankont enpòtan ak konplotè yo.

« Arevwa Jovenel. Ke nanm ou repoze an pè. Yon tan pou chak bagay, se sa Ecvlesiaste di. Yon tan pou manti, yon tan pou verite. Yon tan pou touye, yon tan pou jije. Trèbyento ou pral vwazen enkonteste Arnel Joseph. Bòn chans ti vwayou. » Se sa ansyen Senatè John Joël te ekri sou kont X li a 12h: 06 AM nan sware asasina Jovenel Moïse 7 jiyè 2021 an.

Ansyen Senatè Ayisyen John Joël Joseph ki kondane poul pase tout rès vi li nan prizon, deklare devan jij la, ke li pat vle touye Prezidan Jovenel Moïse, men pito, 1li te vle tradui li devan Lajistis pou move jesyon li nan tèt peyi a. Ansyen palmantè a fè konnen, lè lòt mèsenè yo te pran desizyon pou touye Prezidan an, yo pat ka fè bak ankò, paske yo te pè pou yo pat mouri yo menm. « Majistra… gen pitye pou mwen ! », se demann John Joël Joseph, ki prezante eskiz li a pwòch Prezidan Jovenel, epi a tout pèp Ayisyen an. Nan deklarasyon li, ansyen senatè Lwès la di, krim sa a pat dwe fèt ditou.

Jhon Joël se 3èm moun ki kondane avi nan kad dosye asasina ansyen prezidan Jovenel Moïse la.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841