Sitwayen sa yo ki di yo ozabwa, mande sekou leta Ayisyen

Yon rezo ki gen kèk ajans, anba konplisite anplwaye ayewopò entènasyonal Okap la menm, « ENPOZE » yon frè ($120 US ou plis) ak sitwayen k ap vwayaje tou depan de peyi li prale a. Plis pase yon dizèn vwayajè ki pataje sa ak jounal la dènye jou sa yo, di yo denonse yon sèten #JUDE ki se chèf ajan ki nan tèt zak malonèt sa a nan ayewopò Okap la.

Vwayajè yo presize si yon moun pa peye kòb la, l ap oblije pèdi vòl la, puiske genyen yon etikèt yo mete sou paspò a pou sèlman moun ki peye kòb sa yo. Viktim sa yo di san etikèt la, sekirite yo p ap kite okenn nan yo antre al tcheke. Sitwayen sa yo mande leta Ayisyen di yon mo pou yo fas ak sa.

Depi aprè anons ki fèt sou vòl komèsyal yo ki kanpe sou ayewopò entènasyonal Tousen Louvèti a, Kap Ayisyen vini sèl grenn vil ki resevwa vwayajè k ap rantre osnon kite Ayiti atravè ayewopò Okap la. Sitiyasyon sa a pral debouche sou divès ka koripsyon, selon sa sitwayen yo deklare.

Selon temwayaj yon viktim ki pat vle non li site deklare: » chak fwa yon sitwayen rive pou vwayaje, avan menm li antre nan sal pou al tcheke a, yon moun ki abiye ak inifòm ajan k ap travay nan ayewopò a kanpe, epi mande moun nan èske li prè pou antre deja. Prè a vle di si moun nan deja peye. Si wi, ajan an mete yon etikèt sou paspò a epi kite pasajè a antre, si non, yo bloke moun nan epi mande l ale peye kòb pou li antre. »

Li kontinye pou di pou moun nan ka peye kòb la, yo fè l deplase ale sou yon pakin ki anfas antre ayewopò a, e se la mesye ki rele JUDE la di yo pou yo vwayaje fòk yo peye swa 120 dola ameriken oubyen ankò plis toujou. Gen moun ki di yo konn mande yo jiska 700 dola ameriken pou yo vwayaje.

Yon lòt sitwayen ki pale ak jounal la, di nou lè yo mande JUDE poukisa y ap peye kòb sa a alòske yo pa t gen randevou pou sa, li reponn yo se swa yo peye kòb la oubyen yo pèdi vòl la/vwayaj la, dayè yo pa premye moun k ap peye l, yo pa premye moun k ap pèdi vòl pou kòb la tou.

Sitwayen yo di yo tèlman pè pou yo pa pèdi vòl yo, sa fè yo oblije peye kòb la, menmsi yo pa bay tout kòb raketè yo mande a. Konsa, genyen ki di tou yo remake plizyè moun ki te avèk yo, men ki pèdi vòl la paske yo pa gen kòb la pou peye, mande yo kòb sa a yo peye poukisa, yo youn pa konnen. Se pou rezon sa a yo mande leta Ayisyen di yon mo pou yo nan zak koripsyon sa a.

Widscherson Auguste, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841