Sou lidèchip Direktè Depatmantal anviwònman Sant lan Agronòm Yves AUGUSTIN, sizyèm tab sektoryèl anviwònmantal la òganize nan konplèks administratif Ench, jedi 27 fevriye 2025 lan devan plizyè otorite rejyonal ak kad nan administrasyon piblik la. Selon responsab yo se gras ak sipò Selon responsab yo se gras ak sipò « Programme d’appui de l’alliance mondiale contre le changement climatique pour l’adaptation et le développement des énergies vertes en Haïti (AMCC+ADEV) un projet du ministère de l’environnement financé par l’Union Européenne en Haïti» ki rann aktivite a posib.

Direktè depatmantal ministè anvironnman Sant lan, Yves AUGUSTIN nan entèvansyon li fè konnen kesyon anviwònman se zafè tout sektè, se pou sa ministè a toujou chita ak tout aktè konsène yo pou yo ka jwenn yon enpak dirab nan travay y ap fè yo sitou Ayiti se yon peyi ki ap fè fas ak gwo problèm anviwònman. Pilwen li di 2 bra li louvri ap tann tout moun ki genyen inisyativ novatè nan anviwònman pou ba yo asistans teknik.
Spesyalis Jean Remy Raphaël te fè prezantasyon sou projè kad dokimantè sou pwodiksyon dechè fèmantestisib pou pwoduiksyon byogaz fètilizan òganik pou agrikilti.
Nan dezyèm faz la, reveran J. Fritz Louis te prezante yon bilan sou divès aktivite fondasyon KANPE reyalize nan domèn anvirònman, sante, edikasyon…

Jules Michebordy ki se reprezantan CECARÉE ak Jean Dumanes kad DDEC bò kote pa yo te prezante nivo avansman yon inisyativ sitwayen pou mete an plas yon sit dechaj modèn nan komin Ench.
Kèk patisipan ki te pran lapawòl temwaye kontantman yo pou angajman direktè a toujou pran ak patnè li yo pou kenbe tab sektoryèl la chak 3 mwa.
Yon patisipan ki te vizite yon echantiyon sistèm byogaz ak fèb mwayen direksyon depatmantal la ak ekspètiz agronòm Remy te montre apresyasyon li pou inisyativ la.

Sadrax ULYSSE, Centre à la UNE !