Yon delegasyon konsèy prezidansyèl tranzisyon an, ki gen nan tèt li Leslie Voltaire, vizite samdi premye mas 2025 la, baz misyon miltinasyonal la (LSA2), nan Pòtoprens.

Pandan vizit li nan baz MMS la, achitèk Leslie Voltaire, ki te gen ak li konseye prezidansyèl Fritz Alphonse Jean ak chèf Polis la, Normil Rameau, « salye devouman » fòs miltinasyonal la k ap kore Polis Nasyonal Ayiti nan goumen kont gang yo nan peyi a, selon sa Misyon an fè konnen nan yon kominike pou laprès.

« Prezidan Voltaire rekonèt reyalizasyon enpòtan ki akonpli gras ak jefò kontenjan MMS la », dapre menm kominike sa a.

Prezidan Leslie Volaire te profite vizit sa a pou li voye kondoleyans li bay fòs miltinasyonal la ki te pèdi polisye Samuel Kaetuai nan yon operasyon nan Latibonit.

MMS la, bò kote pa l, eksprime « gratitid li pou soutyen li kontinye jwenn nan men otorite ayisyèn yo, PNH, ak pèp ayisyen an, patnè lokal ak entènasyonal yo, medya yo, ak tout pati ki enplike nan misyon an ».

Misyon miltinasyonal la renouvle angajman l ak detèminasyon l pou l kontinye mennen operasyon nan peyi a pou kwape gang yo.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841