Semèn ki sot pase a, depatman Santral la te temwen anpil chanjman nan administrasyon piblik la. Yo nonmen nouvo delege depatmantal, vis-delege arondisman yo, ansanm ak plizyè direktè depatmantal nan sektè enpòtan tankou edikasyon, enteryè, elatriye. Anplis de sa, prèske tout komin yo te gen enstalasyon manm biwo referandè komin yo, ki vle di yon etap enpòtan pou administrasyon lokal la.
Sepandan, apre tout bèl pawòl ak seremoni enstalasyon yo, kesyon ki pi enpòtan an rete konsa : Ki sa nou ka vrèman tann nan nouvo chanjman sa yo nan administrasyon piblik la ?
Nou pa ka inyore konjonkti kote chanjman sa yo ap fèt la. Depi plizyè lane, Ayiti ap fè fas ak yon gwo kriz enstitisyonèl ki pa sèlman febli fonksyonman Leta a, men ki fè tou popilasyon an pèdi konfyans nan dirijan li yo. Kriz sa a, ki gen nan rasin li politik, sosyal, ekonomik, ak sekirite, paralize prèske tout enstitisyon nan peyi a. Bidjè ki dwe sipòte sèvis piblik yo rete minim, si se pa inexistan, sa ki fè tout inisyativ pou amelyore sitiyasyon an tounen yon rèv.
Men, se vre, genyen kèk moun ki toujou gen espwa. Genyen ki wè nan nouvo nonmen sa yo yon opòtinite pou yon nouvo kòmansman, yon van fre ki ka pote yon ti lòd nan dezòd ki egziste a. Men, an nou di laverite : defi ki tann nouvo responsab sa yo se tankou yon mòn san bout. Bòn volonte sèlman pap ase. Menm si diskou yo fè nan moman enstalasyon yo fè anpil bèl pwomès, reyalite teren an mande yon apwòch pi konkrè.
Pou nouvo ekip administrasyon sa yo reyisi, yo bezwen pa sèlman fè prèv kreyativite ak entèlijans pou yo rive jwenn solisyon lè yo fè fas ak obstak finansye ak lojistik, men yo dwe etabli yon dyalòg sensè ak popilasyon an. Transparans, angajman kominotè ak rigè nan jesyon resous piblik yo dwe vin pi gwo priyorite yo.
An final, siksè nouvo responsab sa yo ap depann de kapasite yo pou yo tounen bèl diskou yo tande yo an aksyon konkrè. Yo dwe montre ke chanjman figi nan administrasyon an se pa sèlman yon operasyon makiyaj, men se yon veritab volonte pou reponn ak atant sitwayen yo. Nan yon peyi kote espwa souvan tounen desepsyon, yo gen yon gwo chay sou zepòl yo : fè moun kwè ankò nan aksyon piblik la.
An n espere fwa sa a, pwomès yo pap rete bèl pawòl nan lè a, e chak nouvo nonmen ap mennen yon vrè chanjman nan lavi chak jou moun nan depatman Santral la.
Jean Launy AVRIL
Editoryalis, Centre à la Une