Prezidan konsèy Tranzisyon an, Leslie Voltaire lanse ofisyèlman ouvèti sèvis entènasyonal yo nan ayewopò Antoine Simon Okay mèkredi 6 Mas 2025 lan. Sou kont X li, Laprezidans deklare « Gran Sid louvri pou lemond ».

Vil Okay gen kounye a yon ayewopò entènasyonal : Prezidan konsèy prezidansyèl tranzisyon an, Leslie Voltaire, inogire, ayè mèkredi a, Ayewopò entènasyonal Antoine Simon nan vil Okay ki kounye a ekipe pou li resevwa vòl intènasyonal.

Devan plizyè minis nan gouvènman an ak reprezantan AAN ak OFNAC, gouvènman an lanse sèvis entènasyonal yo nan Ayewopò vil Okay la, ki vin tounen 3èm vil ann Ayiti ki ka resevwa vòl entènasyonal, apre Pòtoprens ak Okap.

« Yon gwo avanse pou devlopman Sid la » dapre Konsèy prezidansyèl Tranzisyon an ki bat bravo lakontantman pou travay transfòmasyon sa a ki rive fèt nan 10 jou « gras a detèminasyon otorite ayisyèn yo »

Laprezidans souliye Ayewopò a soti nan kategori 2B pou l pase nan kategori 3B, sa ki ogmante kapasite li pou resevwa kounye a avyon ki ka pote 80 pasaje.

N ap fè sonje, avyon komèsyal pa vole sou Pòtoprens depi novanm, apre bandi te tire sou yon avyon Spirit. Kounye a se sèl vil Okap ki konekte Ayiti ak etranje. Kayen yo ap tann premye vòl entènasyonal la nan 3èm vil peyi a.

Se te nan dat remye fevriye 2013, ansyen Premye Minis Laurent Salvador Lamothe te pwosede ofisyèlman ak poze premyè wòch konstriksyon ayewopò entènasyonal Okay la.
Pwojè sa te koute Leta 26 milyon 436 mil 985.19 dola ameriken, se fim konstriksyon dominikèn Estrella ki te gen kontra.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841