Nan yon peyi kote ensekirite ap taye banda gang ame ap layite kò yo, otorite jidisyè ak polisyè yo bò kote pa yo ta sanble nan gwo konfli nan jiridiksyon Mibalè

Aprè yon arestasyon ki fèt vandredi 7 mas 2025 la vè 11è nan aswè nan “Sky bar” Sant vil Mibalè kote komisè Gouvènman nan tèt kole ak lapolis te rive arete , “Pierre Crilex” 36 lane, pòt pawòl an apre polis la bay enfòmasyon ki kreye konfizyon nan mitan popilasyon an e komisè gouvènman jiridiksyon an rektifye.

Konsta legal yo te fèt pa Jij de pè titilè Mibalè a mèt Luxon MARCELLUS epi grefye Alfrèd GÉLIN. Selon sa nou li nan konsta ji de pè a: yon machin mak toyota tip 4runner koulè nwa ki matrikile FF-02496 pwopriyetè a se Crilex Pierre, pi devan responsab yo te jwen andan machin nan, yon zam manch long mak li pa idantifye, yon chajè 17 katouch 5,56 ou byen 2,23, yon chajè 16 katouch, ak 30 000 goud, 2 katouch kalib 9mm, yon chajè an ki gen ladan 30 katouch kalib 9mm, selon menm rapò a, nan kousen deyè machin nan yo yo te rive jwen yon valiz ki te gen kit ijyenik tankou: savon, pat, krèm ak delivrè Sogebank epi plizyè biyè tranzaksyon, yon paspò pou Crilex Pierre idantifye R10941698, toujou nan pati dèyè nan machin nan yo jwen yon sachè nwa nan yon ti kòf ki gen 79 katouch 5,56 Crilex Pierre kise akize a di li pa konnen si te gen tout minisyon sa nan machin nan.

Yon lòtbò lapolis ki prezante bilan lan pa l gen anpil diferans parapò ak prosèbal konsta yo ki poté siyati jij Luxon Marcellus epi grefye Alfrèd Gelin, Pòt pawòl adjwen lapolis la di e n ap site; Nan arestasyon Crilex Pierre la yo jwen 4 pistolè mak glòb 17 kalib 9mm, yon fizi M4 ak 300 000 mil goud poun site yo, 4 pistolè plis yon fizi M4 fè 5 zam, selon menm Pòt pawòl la Crilex Pierre ki arete pou trafik zam epi konplisite li gen ak gang kanaran ak 400 mawozo, di li se bwa dwat komisè Odania

Nan yon pwen près komisè Odania BLANC bay laprès aprè midi 14 mas la nan Pakè Mibalè a, li pote yon demanti fòmèl sou tout sa Pòt pawòl adjwen polis la Lionel Lazarre di, epi di se matrakaj politik k ap fèt kont li paske l ap fè yon bon travay nan pakè a depi lè li monte a, e li pwofite mande responsab polis Mibalè a Ronald Brazil pou lapolis voye rapò pou li de yon dam ki te akonpaye Crilex nan machin nan ki rele Christine Marcadieu alyas grimèl ki trè enpòtan pou lajistis nan kad dosye sila.

N ap raple Guitho Sénat ki se mèt otèl Le Wozo nan komin Beladè, jwenn arestasyon li nan vil Ench, depatman Sant nan sware jedi 13 mas 2025 la pou enplikasyon prezime li nan trafik zam. Yon kagezon zam R. Dominikèn te sezi menm jodi a ta pou Guitho.

Joseph Samuel GUILLAUME, Centre à la UNE.