Jwè foutbòl entènasyonal ayisyèn Corventina Dumornay, ki ap evolye nan Olympique Lyonnais Feminen, lanse yon apèl senp, men fò: sispann vyolans la ann Ayiti! Nan yon nòt li pibliye lendi 7 avril 2025, Corventina pitit Mibalè eksprime gwo doulè li devan sa k ap pase nan peyi li.
« Se kè m kap rache chak jou, » li deklare, lè l ap gade jan britalite ak laterè ap ravaje peyi a, epi ap toufe lespwa yon nasyon. Li mete aksan sou sitiyasyon grav ki ap devlope nan vil li fèt la Mibalè, kote plizyè fanmi oblije kouri kite lakay yo poutèt sa li rele “sèten konpatriyòt k ap simen latwoublay”.
Moman an rive pou Ayiti libere de pwoblèm sa a kap pase kenbe l nan fè nwa.
se deklarasyon chaje ak pasyon, ak lanmou pou peyi, yon atlèt ki toujou pote drapo Ayiti sou do li ak fyète.
Corventina di li kwè solidarite, konfyans, ak lajistis se sèl chimen pou n soti nan ka sa. Li lanse espwa ke yon élan nasyonal ap leve, kote Ayisyen ap mete tèt yo ansanm pou kraze laperèz, pou nou rebati konfyans ak limyè.
Ayiti merite jwenn limyè li te genyen nan lane pase yo.
Pou fini, li fè sonje ke se ansanm, se men nan men, nou ka mete Ayiti sou pye. Nan pwen foutbòl li, li sonje rasin li, li sonje fanmi l, li sonje Mibalè, li sonje Ayiti , epi li pa ka rete silans devan sa k ap fèt.
Centre à la Une salye angajman Corventina Dumornay, epi nou ajoute vwa nou ak pa l pou n di:
Ase se ase. N ap leve pou lavi, pou limyè, pou lespwa.
Merisier Melchior, Centre à la Une