Ann Ayiti jodi a, nou gen plis zam pase pen, plis sòlda pase pwofesè, plis fòs pase jistis. E poutan, popilasyon an pa janm santi tèt li tèlman li menase, tèlman li pè, tèlman li izole. Pandan imaj polisye ap parèt sou televizyon, pandan drapo etranje flote sou kazèn tanporè, nan katye popilè yo se laperèz, kout zam, ak fijitif ki dikte lwa. Sa pa nòmal.

Nou aprann Polis Nasyonal d Ayiti konte anviwon 14,000 polisye sou papye. Nou di “sou papye” paske anpil ladan yo pa fonksyonèl: swa yo afekte nan biwo, swa yo demoralize, swa yo manke mwayen pou aji. Yon polisye pou chak mil moun pa sifi nan yon peyi kote gang ap opere tankou yo se Leta. Anplis, fòs entènasyonal yo deja sou tè a: 800 sòlda Kenyen, malerezman 2 pèdi lavi yo san misyon an menm pako kòmanse, 75 sòlda Gwatemaltèk, 8 Salvadoryen, epi 26 sòlda Jamayiken ak Belizyen. Sa mete kantite sòlda etranje yo apeprè nan 1000.

Men ki kote rezilta yo ye?

Mibalè, Sodo, Pòtoprens, Delma, Site Solèy, Lasalin, Titanyen… se non ki sonen tankou simityè. Chak jou, se masak, kouri, boule, vyolasyon, kidnaping. Lekòl pa louvri, legliz pa sonnen, prizon detwi, lopital netwaye pou mete refijye. Tout sa ap fèt anba je tout fòs sa yo. Se sa k fè pèp la ap mande: « Se pou kisa yo vini? »

Nou pa ka kontinye ap viv ak ilizyon ke sekirite se kantite zam ou mete sou tè a. Sekirite se jistis, se enstitisyon solid, se dwa moun respekte, se timoun ki ka ale lekòl san kè sote. Lè ou mete zam san vizyon, ou mete militan san estrateji, ou mete peyi a pi fon nan labou.

Lè tout sa fèt, epi Leta fèmen bouch li, Konsèy Prezidansyèl pa menm di mo sou doulè pèp la, se tankou n ap viv anba yon administrasyon fantom. Se sa ki pi grav. Ayiti pa bezwen pi gwo zam. Ayiti bezwen lidè ki pran responsabilite.

Ase se ase. Pa gen anyen ki ka jistifye silans lan, ni soufrans sa a. Plis fòs pa vle di plis sekirite, si pa gen volonte politik ak plan entegre. Sa pèp la mande a senp: Viv san kè sote. Viv tankou moun. Viv tout bon vre.

Jean Launy AVRIL, editoryalis Centre à la Une

By Jean Launy Avril

Je suis un guerrier de la vieille école. Nou fòme nan Syans Jiridik , Filozofi , Antropoloji sosyal e Syans Politik ak metriz nou nan Syans Sosyal domèn dwa moun ak demokrati .Nou se konsiltan plizyè medya entènasyonal nan kad dosye Ayiti yo . Aktivman angaje nan rechèch nan domèn istwa entènasyonal, jeyopolitik e konfli pi presizeman istwa kontanporèn nan '"Nantes Université'" peyi LaFrans. Apwòch nou yo entèdisiplinè ki konbine metodoloji syantifik, kritik achiv ak refleksyon sou memwa kolektif. Nou se manm fondatè et Direktè jeneral jounal "Centre à la UNE". Mail: jean.launy.avril@mi.unc.edu.ar