Cristiano Ronaldo anonse li kite Al-Nassr : chapit sa fini. Listwa li ankò ap kontinye ap ekri.

Ronaldo anonse ofisyèlman li kite klèb sawoudyen an Al-Nassr, nan yon pòs li fè sou kont Instagram li lendi 26 me pase a. Atakan pòtigè a ki genyen 40 lane mete fen ak yon avanti 2 sezon li pase nan peyi Arabi Sawoudit.

Nan mesaj li a, Ronaldo remèsye klèb la, koyekipye l yo ak sipòte yo. CR7 ekri : << ce chapitre est terminé. L’histoire ? Elle est encore en cours d’écriture. Merci à tout >>.

Li te rive nan Al-Nassr nan janvye 2023 aprè kontra l te fini ak Manchester United, Cristiano Ronaldo deside kite klèb sawoudyen an pandan li pa revele ki kote li pral jwe pou rapousuiv ak karyè li. Pou anpil moun nouvèl sa se yon sipriz, sa ki pa bay dwa pou fanatik balon won yo doute èske karyè pwofesyonèl jwè foutbòl la fini oubyen li pral kontinye yon lòt kote.

Cristiano Ronaldo p at manke pa enpresyone moun pa pèfòmans endividyèl li ak yon fòt medyatizasyon ‘Saudi Pro League’ la. Jwè ki ranpòte 5 balon lò a reyalize bon valè gòl pandan l atire atansyon entènasyonal la sou chanpyona sawoudyen an. Ronaldo te yonn nan atizan majè pwojè devlopman foutbòl la nan Mwayen-Oryan.

Ki fiti destinasyon Cristiano Ronaldo : li pral retounen an Ewòp ? Yon nouvèl avanti sou yon lòt kontinan ? Oubyen petèt se premye pa pou mete fen nan karyè pwofesyonèl li ? Nou pa ankò genyen repons ak kesyon sa yo. Yon bagay ki sèten : Cristiano Ronaldo pa ankò fin fè yo pale de li. E kòm li byen di sa, listwa ankò ap kontinye ekri.

Jacky M. Fontaine
Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841