Konseye Prezidan Leslie Voltaire retounen de vwayaj li an Amerik Latin avèk valiz li chaje ak pwomès, pou ki angajman ?
Konseye-prezidan Lesly Voltaire retounen ann Ayiti jedi 5 jen 2025 la aprè yon sejou yon semèn nan Kolonbi pou te patisipe nan somè Asosiyasyon Eta Karayib yo, ki make 30è anivèsè enstitisyon sa. Reprezantan Fanmi Lavalas la fini vwayaj li pa yon vizit ofisyèl nan Salvadò.
Yon Kominike laprezidans pibliye mèkredi 4 jen 2025 lan, etabli yon kont-randi de vwayaj sila. Aprè li te fin patisipe nan somè AEC a, kote li diskite sou sitiyasyon sekiritè Ayiti ak koperasyon nan objektif pou yon solisyon ki nan avantaj tout rejyon an, Voltaire te rann li nan Salvadò. Li rankontre Vis-prezidan Félix Ulloa.
<>, se sa kominike a rapòte, pandan li siyale tou te genyen diskisyon avèk Prezidan Repiblik Panama, José Raúl Mulino.
Ranfòseman misyon miltinasyonal soutyen ak sekirite an Ayiti, avèk enplikasyon ajan panameyen, mizanplas yon operasyon ansanm sou kontwòl maritim, avèk kolaborasyon fòs naval Kolonbyèn yo, pou goumen kont trafik ilegal ant Ayiti ak Kolonbi, etablisman yon pwogram fòmasyon pou polis maritim ayisyèn nan, ki destine pou ranfòse kapasite nasyonal yo nan siveyans ak entèvansyon sou lanmè, se pami divès pwen ki te abòde yo, daprè kont-randi laprezidans lan.
Konseye-prezidan Lesly Voltaire ki retounen nan peyi a avèk sak li ranpli avèk pwomès kòm dabitid, reyafime enpòtans yon bon angajman ak patnè yo nan rejyon an pou reponn avèk defi sekiritè yo an Ayiti epi apiye efò pou peyi a estab.
N ap raple, Lesly Voltaire te akonpaye minis Zafè Etranjè ak Kilt la, Jean-Victor Harvel Jean-Baptiste, yo te kite peyi a 29 me pase a pou direksyon Kolonbi pou patisipe nan somè Asosiyasyon Eta Karayib yo (AEC). Rankont sa te koyenside avèk 30è anivèsè Konvansyon Katajèn ki bay nesans avèk òganizasyon an. Aprè evènman an, reprezantan Fanmi Lavalas la te rann li nan peyi Salvadò, kote li diskite avèk otorite yo sou Misyon miltinasyonal soutyen ak sekirite a (MMSS) epi degradasyon san kanpe sitiyasyon sekiritè a nan peyi Ayiti.
Jacky M. Fontaine, Centre à la UNE