Prezidan Trump siyen yon pwoklamasyon mèkredi 4 Jen 2025 lan, ki entèdi vwayajè ak imigran ki sòti nan (12) douz peyi pou antre Ozetazini, epi mete limit sou moun ki sòti nan 7 lòt nasyon, chèf Leta fè konnen se pou rezon sekirite nasyonal.

Pwoklamasyon sa a entèdi kategorikman antre etranje ki sòti nan peyi tankou : Ayiti, Afganistan, Myanmè (Birmani), Tchad, Repiblik Kongo, Gine Ekwatoryal, Eritre, Iran, Libi, Somali, Soudan ak Yemen. Avèk kèk eksepsyon, lòd Trump lan entèdi sitwayen peyi sa yo pou yo paka vin viv Ozetazini kòm imigran legal, epi li entèdi tou viza tanporè tankou viza touris.

Paralèlman Trump mete restriksyon pasyèl sou vwayajè ak imigran ki sòti nan Burundi, Kiba, Laos, Sierra Leone, Togo, Tourkmenistan ak Venezyela. Sa aplike pou tout moun ki gen viza pou vin viv Ozetazini, ak kèk lòt ki gen viza tanporè.

Note byen ; Entèdiksyon an ap antre an aplikasyon lendi 9 jen a minwi e yon (12:01 a.m.).

Prezidan Trump di limit sa yo nesesè pou konbat danje teworis nan peyi sa yo, paske gen pwoblèm nan fason yo verifye idantite sitwayen yo, epi anpil ladan yo pa kolabore lè gen pou depòte moun.

« Prezidan Trump kenbe pawòl li pou pwoteje pèp Ameriken kont etranje ki kapab danjere, ki ta vle antre nan peyi a pou fè mal. Restriksyon sa yo vize chak peyi separeman, epi yo konsène kote ki pa gen bon jan mezi sekirite, kote moun depase viza souvan, oswa kote otorite pa pataje enfòmasyon sou idantite ak danje. Prezidan Trump toujou ap aji pou sekirite pèp Ameriken an », dapre sa Abigail Jackson, pòtpawòl Mezon Blanch lan, di CBS News.

Dekrè a gen kèk eksepsyon, tankou pou rezidan pèmanan Ozetazini, mari, madanm ak pitit sitwayen ameriken ki gen prèv solid sou idantite yo ak relasyon fanmi an, Afgàn ki te ede fòs ameriken epi ki gen viza espesyal, diplomat, atlèt, ak moun ki gen de nasyonalite si yo gen paspò yon peyi ki pa sou lis la.

Anons entèdiksyon an fèt aprè yon atak ki te fèt dimanch nan Boulder, Colorado, sou moun ki t ap defile pou mande liberasyon otaj Izrayelyen Hamas kenbe. Otorite ameriken yo idantifye sispèk la kòm yon sitwayen peyi Lejip ki te depase tan viza touris li.

Malgre pa gen okenn entèdiksyon sou sitwayen Lejip, Trump mande pou otorite yo revize kijan Lejip ap fè kontwòl sou sitwayen li yo, « aprè sa ki sot pase yo ».

Nan yon deklarasyon videyo mèkredi swa, Trump di atak Boulder lan « montre danje ekstrèm peyi a ap konfwonte akòz antre etranje ki pa byen verifye, oswa moun ki vin vizitè tanporè epi pa kite lè viza yo fini. Nou pa bezwen sa isit la ».

Li di lis la kapab modifye si peyi yo amelyore sitiyasyon yo, epi nouvo peyi ka ajoute si nouvo menas parèt.

Aksyon Trump yo sanble ak entèdiksyon vwayaj li te mete sou pye pandan premye manda li, kote li te vize sitou peyi ki majorite popilasyon yo se Mizilman. Menm jan ak sa, nouvo lòd sa a kapab jwenn opozisyon legal.

Nan janvye 2017, nan premye mwa manda li, Trump te siyen yon entèdiksyon ki te vize pifò sitwayen Iran, Irak, Libi, Somali, Soudan, Siri ak Yemen. Sa te lakoz gwo eskandal, dezòd nan èpòt, ak anpil kontestasyon legal ki te di entèdiksyon an diskriminatwa.

Nan mas 2017, li te retire Irak sou lis la, li mete Tchad, Venezyela ak Kore di Nò. An 2020, li elaji entèdiksyon an, li mete restriksyon sou Nijerya, Eritre, Soudan, Tanzani, Myanmè ak Kirgizistan. Aprè sa, li retire Tchad sou lis la.

Twazyèm vèsyon entèdiksyon li a pandan premye manda li te finalman valide pa Kou Siprèm lan, nan ete 2018, kote jij konsèvatè yo di prezidan an gen dwe pouvwa pou limite antre etranje sou baz sekirite nasyonal. Lè administrasyon Biden te monte sou pouvwa, li te anile entèdiksyon sila yo.