Vòl ant Pòtoprens ak vil pwovens yo ki te sispann akòz ensekirite depi plizyè mwa, pral reprann 10 jen k ap vini la. Se sa gouvènman ayisyen an anonse nan yon kominike li pibliye jedi 5 jen 2025 sa.
Gras avèk yon akò ki siyen ant gouvènman ayisyen an ak konpayi Sunrise Airways, li pral posib pou rann ou pa mwayen avyon nan plizyè vil pwovens, pami yo Jakmèl, Jeremi ak Kap-Ayisyen. << Relans lyezon ayeryèn enteryè sa yo konstitye yon repons konkrè avèk bezwen mobilite popilasyon an ak operatè ekonomik yo >>, se sa primati estime.
Anplis, gouvènman an kalifye estratejik desizyon sa ki, nou kapab li nan kominike a, enskri nan kad efò Egzekitif la pou kreye yon anviwònman estab, avèk mobilite sosyal epi ak devlòpman.
Repriz vòl domestik yo se yon bon nouvèl. Men, si vòl yo te sispann akòz ensekirite, gouvènman an anonse yo pral reprann, tandiske sitiyasyon sekiritè peyi a kontinye ap degrade, nou kapab poze kesyon de diferan anje akò sila. Se yon akò ki siyen ant gouvènman ayisyen an avèk yon antrepriz prive pou anonse repriz vòl domestik yo, san pran an kont sitiyasyon sekiritè a nan peyi Ayiti.
Jacky M. Fontaine
Centre à la UNE