Nan moman peyi Dayiti ap chita sou barik poud, ak popilasyon an ki ap viv chak jou ak kè sere, mizè, ak ensekirite, sa ki ta dwe jefò ansanm pou delivre pèp la tounen yon bòn echanj kòn ant otorite yo. Nou jwenn nou jodi a nan yon sitiyasyon kote Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon (KPT) ap fè eple ak Primati, e chak jou sa fè pèp la plonje pi fon nan fènwa. Dènye korespondans Prezidan KPT la, Fritz Alphonse Jean, voye bay Premye Minis de facto a, Alix Didier Fils-Aimé, revele lanmè dezakò, kontradiksyon ak opasite ki genyen nan mitan tèt pouvwa a.
Nan lèt sa ki date 9 jiyè 2025, Fritz Jean mete aksan sou kat gwo dosye ki chaje mistè. Premyeman, kontra renouvèlman 27 lane ant CPS ak APN, kote pèp la pa janm konnen detay, men se lajan pèp la y ap jwe ladan. Dezyèmman, dosye otèl Oasis la, kote Leta gen risk pèdi 17 milyon dola, malgre li patisipe kòm patnè. Twazyèmman, dosye sistèm paspò a, kote yo chwazi yon prestatè de sèvis san okenn transparans ni konkou piblik, e sistèm lan pa fonksyone. Katriyèmman, Fritz Jean mete dwèt sou kesyon sekirite a, kote tout desizyon ap pran deyò kad legal, san konsiltasyon, san plan klè.
Men sa ki pi grav la, se pa sèlman dosye sa yo ki chaje kontradiksyon, men se jan otorite yo ap regle zafè pèsonèl yo nan non Leta. Chak jou, nou wè pi klè ke KPT pa gen kontwòl sou Primati a, epi Primati a pa sou kont pèp la. Rapò sa yo tounen yon gwo sen, kote chak moun ap tire dra sou yo, san yo pa janm mete soufrans pèp la nan kè okenn desizyon. Lè tèt yo pa ka mete tèt ansanm, kijan yo ka mande pèp la fè sakrifis? Lè kontra ap siyen nan fènwa, kijan peyi a ka soti nan dezòd?
Depi lanmò Jovenel Moïse, se pi move opozan yè yo ki monte pouvwa, se CARICOM ak OEA ki mete yo chita sou chèz. Men sa pèp la jwenn? Yon agrandisman kriz la, plis moun mouri, plis moun kouri kite kay yo , plis grangou, plis dezespwa. Kidonk, kiyès ki vle kontwole kiyès? Kiyès ki ap veye enterè pèp la? Chak jou se nouvo skandal, nouvo mank transparans, nouvo alibi pou pa regle anyen.
Nou di l klè: pèp la pa bezwen kont mezi, li bezwen delivrans. Rapò ant Primati ak KPT pa dwe tounen yon lut pou pouvwa ak kontròl resous, men yon angajman pou mete peyi sou pye. Sa pèp la bezwen, se limyè sou kontra yo, jistis sou koripsyon an, ak sekirite pou chak timoun ak fanm. Se pa tande, se wè. Se pa pale, se aji. Si otorite yo pa ka travay ansanm pou peyi a, y ap oblije ale pou pèp la ka viv.
Jean Launy AVRIL,Editoryalis Centre à la Une