Nan yon lèt prezidan Ameriken an, Donald Trump, adrese semèn sa a ak ansyen prezidan brezilyen an, Jair Messias Bolsonaro, Trump voye tout senpati pou Bolsonaro ki ap fè fas ak lajistis nan peyi Brezil ki mete sou do li plizyè gwo akizyon ak ka koripsyon.

Nan lèt ki divize an 3 paragraf, chèf mezon blanch lan pa kache tout lanmou, afeksyon ak sipò li pou ansyen prezidan brezilyen an. Li lèt la:

MEZON BLANCH WASHINGTON

Pou Onorab Jair Messias Bolsonaro, 38èm Prezidan Repiblik Federatif Brezil
Brazila

Chè Mesye Bolsonaro, Mwen te temwen tretman terib w ap resevwa nan men yon sistèm enjis ki kont ou. Pwosè sa a dwe fini imedyatman! Mwen pa sezi wè ou nan tèt sondaj yo; puiske ou te yon dirijan trè respekte, ki fò e ki te byen sèvi peyi w la.

Mwen pataje angajman w pou w koute vwa pèp la epi mwen enkyete anpil akoz libète ekspresyon yo mete an kesyon nan peyi Brezil ni Ozetazini administrasyon aktyèl la komèt. Mwen te eksprime gwo dezapwobasyon mwen, ni piblikman ni atravè politik tarif swanye nou an.

Sensèman, mwen espere gouvènman brezilyen an pral chanje pozisyon, sispann vize opozan politik li yo, epi mete fen nan rejim ridikil sa a. M ap suiv sitiyasyon an deprè.

Sensèman, Donald J. Trump, PREZIDAN ETAZINI D’AMERIK.

Jedi 17 Jiyè 2025

N ap fè remake, madi 15 jiyè 2025 la Pakè nan peyi Brezil mande Lakou Siprèm pou kondane ansyen prezidan Jair Bolsonaro pou tantativ koudeta an oktòb 2022 kont aktyèl prezidan Lula. Ansyen prezidan Bolsonaro ki riske pase 40 lane nan prizon, deklare li toujou kenbe inosans li.

Anplis, Jij nan Lakou Siprèm Federal la, Alexandre de Moraes, ki te deja responsab pwosè tantativ koudeta a, konfime lòt akizasyon sa yo kont Bolsonaro: Presyon li te fè pandan pwosedi jidisyè yo, batay li te menm pou bloke yon ankèt ki enplike yon òganizasyon kriminèl ak souverènte nasyonal peyi Brezil li te mete an danje.

Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE

By Sérondier Louisia

Sérondier LOUISIA se yon Ayisyen otantik, yon Inivèsitè ki fè Syans Edikasyon ak Lekòl Nòmal Siperyè, ki etidye Filozofi ak Lèt. Li se Anseyan, Sansè, Jounalis, Chèchè, Enfòmatisyen...