Gen yon abitid ki vin tounen yon maladi nan ti peyi nou: banalize sa nou pa konprann, minimize sa ki depase nou, epi majinalize sa ki pote limyè. Medya anliy yo vin tounen nouvo sib kèk lespri ki toujou kwè tan ap tann yo. Men ann fè bagay yo klè : nan 21yèm syèk la, yon medya ki pa anliy se yon medya ki mouri vivan.

Se medya anliy yo ki pote nouvèl cho, ki reveye konsyans, ki mete vwa pèp la kote mikwo klasik yo pa janm rive. Deplase, vitès, reyaksyon, aksè se nouvo non jwèt la. Lè ou chita ap meprize medya sa yo, se tankou w ap fè jalouzi sou limyè solèy la paske li antre nan chanm ou pi bonè pase ou te swete.

Nou ka tou fè diferans ant yon medya ak yon enfliyansè sou YouTube oswa TikTok. Souvan, yon enfliyansè se yon grenn moun ki mobilize anpil moun sou kontni li pwodui, ki ka serye oswa ki ka pa serye. Li ka amizan, li ka edikatif, men li pa gen obligasyon jounalistik, pwofesyonèl ni estrikti legal.

Yon medya, okontrè, se yon antrepriz ki bay yon sèvis piblik, epi ki koube anba lwa Ministè Komès Ayiti. Li fonksyone sou baz etik, pwofesyonalis ak objektivite. Li dwe genyen yon ekip vizyonè ak yon liy ideyolojik klè, konpoze de jounalis pwofesyonèl ak konikè ki gen konesans syantifik, ki ka fòme, enfòme ak oryante popilasyon an. Yon medya anliy modèn dwe gen sit entènèt, epi li dwe konekte ak paj medya sosyal tankou Facebook, Instagram, TikTok, X/Twitter, paske se la piblik la ye jodi a.

Nan mond lan, tout medya ki respekte tèt yo se anliy yo ye. Jounal, radyo, televizyon : tout moun konekte sou entènèt pou kenbe tan ak reyalite mondyal la. Se sak fè jodi a yo plis pale de miltimédya. Malerezman, nan peyi soudevlope tankou Ayiti, medya tradisyonèl ki pa inove yo se pyonye ki te kòmanse diskredite medya anliy yo, mete yon diskou nan bouch moun ki san konprann ap repete. Diskou sa a se yon vye reflèks “ti peyi, ti mès” ki refize adapte ak chanjman mondyal la.

Nou dwe sonje, medya anliy yo pa sèlman pote nouvèl. Yo pote analiz, fòmasyon, ak reyaksyon rapid. Etou bay jarèt ak sa yo rele 5èm pouvwa a nan près la ki se opinyon piblik.Yo ka fè siveyans sitiyasyon ijans, mobilize kominote yo, mete pouvwa piblik la devan responsablite li. Lè n ap tante banalize ak ipokrizi meprizan, se tankou n ap meprize pwòp avni medya ak demokrasi nan peyi a.

Ki enstitisyon jodi a kit se Leta ou prive oubyen yon patikilye ki ap fè evènman ki pa bezwen yon medya an liy kouvri pou li? Jeneralman tout. Se pa yon favè se paske yo wè medya an liy yo se fòs la jodi a. Nan mond lan se sou entènèt piblisite yo pase, menm jan nan peyi soudevlope yo y ap vini Tipa Tipa.

Pèp la merite yon medya solid, ki pote limyè kote gen fènwa. Nou dwe sispann banalize ak majinalize medya anliy yo. Olye n ap repete diskou ki fin demode, ann sipòte sa ki pote konesans ak vizyon. Paske nan batay ant fènwa ak limyè, limyè pap janm pèdi batay li.

Sadrax Ulysse , editoryalis-Centre à la Une

By Sadrax Ulysse

Sadrax ULYSSE diplomé en communication journalisme et en sciences du développement. Certifié par: Université laval Canada en développement durable et Université Shangor. Certifié en journalisme par: UNESCO, OIF, Ruters insititut....