Nan yon peyi kote enstitisyon yo deja fèb, kesyon lejitimite vin tounen yon liks ki pa egziste ankò. Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an ansanm ak Premye Minis yo ap gouvène ak yon pouvwa san kontwòl, san yo pa janm pase pa tès esansyèl demokrasi a : eleksyon lib e onèt. Yo pa jwenn manda pèp la, yo pa jwenn ratifikasyon palman an, yo pa soumèt devan okenn mekanis kontwòl popilè. E poutan, se yo menm ki gen kapasite pou deside, ranplase, oswa revoke nenpòt moun nan aparèy leta, selon volonte ak konvenyans yo.
Anfas sa, gen polisye ki depanse ane nan sèvis piblik : yo antre nan lekòl lapolis la, yo pase egzamen, yo swiv fòmasyon, yo respekte chak etap nan echèl karyè yo. Yo fè fas ak risk chak jou, yo pran bal, yo pèdi kolèg nan misyon. Tout sa yo fèt nan respè lwa ak règ. Epi yon bon maten, moun ki pa gen okenn lejitimite elektoral, okenn eksperyans nan domèn sekirite, leve deside revoke yo, san yo pa reponn okenn kesyon, san okenn mekanis pou rann kont.
Pratik sa yo pa sèlman imilyan pou moun ki mete lavi yo an danje pou defann repiblik la, men yo montre klèman jan sistèm nan kontinye ap kraze baz profesionalis ak meritokrasi nan peyi a. Lè pouvwa politik vin tounen yon zouti nan men yon ti gwoup ki pa dwe kont pèp la, sa ouvè pòt pou plis enpinite, plis dezòd, ak yon demoralizasyon pwofon nan mitan moun ki ta dwe asire sekirite ak estabilite.
Kesyon an rete : nan ki limit nou ka kontinye tolere ke moun ki pa janm chwazi pa pèp la, e ki pa soumèt devan okenn balans pouvwa, kontinye deside sou desten enstitisyon kle yo ? Lejitimite pa ka yon akseswa. Li ta dwe fondasyon tout aksyon piblik. San sa, se yon peyi antye yo kondane pou viv anba lòd moun ki jis pran pouvwa a… e ki sèvi avè l jan yo vle.
Jean Launy AVRIL, editoryalis -Centre à la Une