Lè Ministè Jistis ameriken anonse ak gwo bri ke Jimmy Chérizier, alyas “Barbecue”, ak Bazile Richardson te vin sou lis moun ki enplike nan transfè lajan soti nan Etazini pou finanse aktivite yon gwoup ame an Ayiti, anpil moun wè sa kòm yon frap fò kont ensekirite. Men eske se tout istwa a nou tande ? Oswa èske se sèlman sa yo vle montre nou ?
Kesyon sa enpòtan paske, nan lavi politik ak kriminèl ayisyen, eksperyans montre nou ke pi gwo rezo yo pa janm kraze pa yon sèl kominikasyon laprès. Olye de sa, sa sanble ak yon “kleren kay Michel” — yon mouvman ki fèt pou atire atansyon piblik sou yon bout istwa, pandan yo kache lòt bout ki pi sal, pi konplike, e pi enplike nan relasyon opak ant gang ak otorite. Si gang yo menm te deside pale, èske yo pa t ap gen kapasite pou devwale non gwo figi ki chita nan salon diplomatik yo pandan yo fè tranzaksyon anba tab ?
Nan tout sa, gen yon gwo ipokrizi entènasyonal. Lè otorite ameriken yo prezante tèt yo kòm poto mitan batay kont gang, yo bliye di moun konbyen fwa politik etranje yo te sèvi ak alyans taktik ak aktè ame nan peyi tankou Ayiti pou reyalize objektif politik yo. Menmsi Jimmy Chérizier ak Bazile Richardson se figi fasil pou demonize, ki moun ki finanse, pwoteje, e fè yo vin tèlman enpòtan nan lari Pòtoprens ? Sa, yo pa janm di li.
Jodi a, kesyon ki pi ijan pou Ayiti pa se sèlman ki gang ap tonbe anba akizasyon, men kiyès nan mitan klas dirijan, ekonomik, e menm entènasyonal, ki ap sèvi ak gang kòm zouti pou kenbe pouvwa, fè presyon, oswa fè lajan. Jiskaske repons sa yo klè, tout gwo deklarasyon ak gwo prim pou arestasyon yo ka sanble ak senp zak makiyaj sou yon blesi ki kontinye ap senyen.
Jean Launy AVRIL editoryalis -Centre à la Une