Depi kèk tan, peyi a ap tande deklarasyon ofisyèl sou operasyon Lapolis Nasyonal d’Haïti ap mennen kont gang ame ki ap simaye laterè. Men, dèyè gwo pawòl sa yo, reyalite a se yon traka ki fè mal: wo kòmandman an kontinye voye nan teren sèlman kèk grenn polisye, san yo pa janm konstwi yon efektif reyèl ki gen fòs ak mwayen pou fè fas kare ak kapasite destriktif gang yo. Olye de frape fò ak pran kontwòl espas yo, sa yo fè se antre ak timoun pa yo, yon ti kout isit, yon ti kout laba, epi yo tounen. Se sa k fè operasyon sa yo merite non opérasyon lasisin menm jan ak yon moun k ap grignote yon manje san janm manje l nèt, yo antre piti piti, fè ti aksyon sporadik, epi yo kite sitiyasyon an tounen menm jan.

Sa yo rele operasyon sa yo, nan pi bon ka, bay yon repi tanporè nan zòn yo vize. Men se repi sa a ki vin tounen pi gwo danje a, paske pandan polisye yo retire, gang yo reprann tèren an ak plis agresivite toujou. San yon plan estratejik ki ta enkli bon entèlijans sou mouvman ak zam gang yo, san lojistik serye ak sipò taktik ki solid, san kapasite pou kenbe tèren apre yon entèvansyon, fòs lòd la antre nan yon batay kote yo toujou anba avantaj. Sa vle di, chak operasyon tounen yon risk kalkile sèlman pou moun ki sou tèren an, pandan estrikti kriminèl yo kontinye grandi.

Rezilta dramatik la, se lavi polisye yo ki sakrifye. Chak deplasman san preparasyon reyèl, chak entèvansyon san resous modèn ak san kowòdinasyon, vin yon fòm voye ajan yo al mouri. Se pa sèlman lavi pèdi yo ki fè mal, men tou pèt eksperyans ak konpetans nan kad yo. Chak ajan ki tonbe se yon brèch nan defans peyi a, yon bès nan moral ak kapasite Lapolis la, pandan popilasyon an ap gade nan yon dezespwa ki ap vin nòmalize.

Si pa gen yon chanjman radikal nan fason operasyon sa yo òganize ak yon ogmantasyon reyèl nan mwayen, nan kantite, nan fòmasyon, nan kowòdinasyon, epi sitou nan kouraj politik pou kase rezo finansman ak trafik zam gang yo Lapolis ap kontinye pèdi ajan pandan gang yo ap ranfòse pozisyon yo. Yon opérasyon lasisin pap janm pote liberasyon vre; li sèlman ap rache kè fòs lòd la epi mete peyi a sou yon pant pi glise kote sekirite kolektiv la ap disparèt nèt.

Jean Launy AVRIL editoryalis -Centre à la Une

By Jean Launy Avril

Je suis un guerrier de la vieille école. Nou fòme nan Syans Jiridik , Filozofi , Antropoloji sosyal e Syans Politik ak metriz nou nan Syans Sosyal domèn dwa moun ak demokrati .Nou se konsiltan plizyè medya entènasyonal nan kad dosye Ayiti yo . Aktivman angaje nan rechèch nan domèn istwa entènasyonal, jeyopolitik e konfli pi presizeman istwa kontanporèn nan '"Nantes Université'" peyi LaFrans. Apwòch nou yo entèdisiplinè ki konbine metodoloji syantifik, kritik achiv ak refleksyon sou memwa kolektif. Nou se manm fondatè et Direktè jeneral jounal "Centre à la UNE". Mail: jean.launy.avril@mi.unc.edu.ar