Lè n ap pale de tourism an Ayiti, ou pa ka pa pale de depatman Sant an jeneral, Pelig an patikilye. Lak atifisyèl li, santral idwoyelektrik li, yo atire plizyè milye touris nan tout mond lan. Pelig, yon lokalite ki twouve l nan seksyon kominal Dè Bay, nan komin Boukan Kare, awondisman Mibalè, depatman Sant. Zòn sa prezante ankò plizyè sit touristik ou dwe vizite. Nou idantifye pou pi piti de (2).
Pelig prezante plizyè sit touristik ki atire vizitè. Zòn sa genyen gwo potansyalite ki ta kapab sèvi non sèlman depatman Sant lan men tout peyi a. Parapò ak potansyalite Pelig, lokalite sa ta dwe enkli nan yon plan devlopman gouvènman ayisyen yo. Men, depi fondasyon zòn sila, Leta sanble abandone l. Pa genyen bon jan estrikti, enfrastrikti, pa genyen devlopman, pa genyen anyen pou valorize ak fè pwomosyon pou lokalite touristik la. Gouvènman ale, gouvènman vini, dirijan ak otorite politik vizite l, fè pwomès, anyen pa janm fèt ! Pa genyen lekòl piblik, pwofesyonèl, inivèsite, komisarya/sou-komisarya, dlo potab, mache piblik, elt. . Kreyasyon anplwa : anpil jèn pwofesyonèl nan zòn nan p ap travay. Abitan yo viv de pèch, elvaj ak agrikilti. Pelig, yon lokalite touristik neglije, abandone ak meprize !
Lak atifisyèl Pelig
Lak atifisyèl Pelig ki a anviwon 11 kilomèt vil Mibalè se yon enpòtan etandi dlo dous ki twouve l ant awondisman Mibalè ak awondisman Laskawobas. Lak Pelig la klase kòm dezyèm pi gran lak ayisyen aprè lak Azei. Lak atifisyèl sa kreye sou gouvènman Paul E. Magloire. Travo yo te kòmanse vè 1953. Sit sa aksesib pa mwayen wout nasyonal nimewo 3, li se yon flewon peyi a. Li genyen yon bote natirèl, pandan w ap admire l li mennen w nan yon atmosfè ireyèl. Lak atifisyèl Pelig kapab devlope divès aktivite : pèch, espò notik (espò ki pratike nan dlo oubyen sou dlo), pak konsèvasyon ak rekreyasyon.
Santral Pelig
Santral Idwoyelektrik Pelig. Li twouve l ant komin Boukan kare ak komin Laskawobas. Aprè konstriksyon baraj la ant 1953 ak 1956, gouvènman François Duvalier a materyalize pwojè prezidan Dumarsais Estimé sa. Malgre li la lontan, Santral Idwoyelektrik Pelig rete pami patrimwàn touristik ak istorik pi enpòtan peyi a. Pwodiksyon li founi laplipa elektrisite nesesè ak peyi a. Kidonk, se youn nan ra achitekti da nan XXèm syèk la ki gade tout frechè li. Vizitè yo pwofite pou reviv listwa. Chak touris etranje oubyen lokal admire epi etone lè yo dekouvri estrikti esplandid ak mèvèye sa.
Kredi foto : Thony Fontaine ThonyF Photography
Bibliyografi : GERMAIN, Féguès. Mirebalais à travers l’histoire d’Haïti. ÉDITIONS << LES PHALANGES >> ; Mirebalais (Haïti), Décembre 2011.
Jacky Médé Fontaine, Centre à la UNE