An Ayiti, se pa yon sekrè pou pèsonn ankò : klas politik la fin antre nan yon faz dekonpozisyon total. Pati politik yo, ki te konn sèvi kòm zouti mobilizasyon ak espwa pou pèp la, tounen jis yon boutik kote lidè yo antre pou plen pòch yo, negosye avantaj pèsonèl, epi abandone misyon ki te dwe sèvi kòm poto mitan demokrasi a.

Depi asasina Prezidan Jovenel Moïse, opozisyon radikal tankou opozisyon modere, ki te konn prezante tèt yo kòm altènativ pou peyi a, rive monte sou pouvwa a. Yo te gen okazyon pou montre vizyon yo, pou bay prèv kapasite yo pou dirije yon peyi nan kriz. Men rezilta a se pi gwo desepsyon. Sitiyasyon peyi a vin pi mal, lavi pèp la pi degrengole, e sa ki te parèt kòm altènativ tounen yon pi gwo kontinite nan koripsyon ak politik koupe rache.

Nan jou jodi a, figi prensipal opozisyon yo parèt tankou karikati nan menm sistèm yo te denonse a. Majorite Michel ap goute tout privilèj pouvwa a; André Michel tonbe pi fon nan konplo ak tranzaksyon politik ki pa gen anyen pou wè ak enterè pèp la; Nenel Cassy nan prizon, yon imaj ki montre jan sistèm nan manje pwòp pitit li; pandan Moïse Jean-Charles, yon lòt fwa ankò, antre nan silans li, e rive menm sipòte KPT a ak gouvènman an, yon gouvènman li te konn deklare kòm “poupèt blan”.

Klas politik sa a, olye li sèvi kòm limyè pou gide nasyon an, tounen yon fènwa ki kouvri lavni pèp la. Lè nou gade fason yo plonje jis nan kou nan koripsyon, nou ka di san pèdi tan : se pa yon batay pou chanje sistèm yo ap mennen, men yon batay pou byen plase tèt yo nan sistèm lan.

Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an, ansanm ak gouvènman ki akonpaye l la, ap kontinye sèvi kòm paravan pou yon klas politik ki pa gen okenn pwojè sosyete, ki pa gen okenn volonte pou tabli bon jan Leta. Rezilta? Pèp la kontinye ap monte kalvè a pye, pandan politisyen yo ap jwi pouvwa a nan tout fòm li.

Ayiti peye chè pou trajedi sa a. Yon peyi san klas politik serye, se tankou yon bato san konpa, ki ap flannen nan lanmè e ki prè pou chavire nan premye tanpèt. Sa ki rive jodi a se yon leson : se pa nan opozisyon oubyen nan pouvwa sèlman pwoblèm nan ye, men nan nannan klas politik la menm, ki dekonpoze, ki pouri, epi ki kite peyi a nan pi gwo degrengolad.

Jean Launy AVRIL, editoryalis Centre à la Une

By Jean Launy Avril

Je suis un guerrier de la vieille école. Nou fòme nan Syans Jiridik , Filozofi , Antropoloji sosyal e Syans Politik ak metriz nou nan Syans Sosyal domèn dwa moun ak demokrati .Nou se konsiltan plizyè medya entènasyonal nan kad dosye Ayiti yo . Aktivman angaje nan rechèch nan domèn istwa entènasyonal, jeyopolitik e konfli pi presizeman istwa kontanporèn nan '"Nantes Université'" peyi LaFrans. Apwòch nou yo entèdisiplinè ki konbine metodoloji syantifik, kritik achiv ak refleksyon sou memwa kolektif. Nou se manm fondatè et Direktè jeneral jounal "Centre à la UNE". Mail: jean.launy.avril@mi.unc.edu.ar