Nan tout peyi kote yon sosyete vle respekte tèt li, lajistis se poto mitan ki tabli ekilib, ki mete lòd, ki pwoteje sitwayen yo kont abi pouvwa. Men ann Ayiti, kesyon ki poze a depase tout limit : èske lajistis toujou egziste kòm yon enstitisyon otonòm, oswa li vin yon zouti regle kont politik ?

Depi kèk tan, desizyon ki sòti nan lajistis la fè plis bri pase klète. Pran ka ansyen Senatè Nenel Cassy a : 18 jou sèlman aprè Direksyon Santral Polis Jidisyè (DCPJ) te arete l, li jwenn liberasyon li, aprè Komisè Gouvènman Pòtoprens lan, Frantz Monclaire, te fin tande li madi 19 dawout la. Men, ki rezilta ankèt la ? Èske gen dosye solid ki abouti, oswa se yon lòt manèv pou kreye divèsyon, pou okipe opinyon piblik la pandan bandi yo kontinye ap fè lalwa nan katye yo san okenn pwoblèm ?

Ironi a pi gwo toujou : olye ou tande pale de operasyon miskle ki vize baz ame ki kenbe popilasyon an an otaj, se avi de rechèch dèyè sitwayen yo ak figi piblik ki pa toujou nan bon grès pouvwa an plas la. Ansyen Depite Alfredo Antoine vin tounen sib, menm jan ak Jounalis Guerrier Henry ki sibi pèsekisyon. Se pa premye fwa sa rive : depi lontan, laprès endepandan ak opozisyon yo toujou parèt pi fasil pou sistèm nan frape pase gang ki ak zam lou nan men yo.

Kesyon vin pi pike lè ou sonje dosye lòt figi tankou Magalie Habitant oswa ansyen depite Victor Prophane. Èske se paske yo pa gen alyans sere ak gouvènman an ? Èske se pozisyon opozisyon yo ki lakòz yo vin tounen bèt chantaj nan men lajistis ? Tout siy fè konprann se rapò de fòs politik ki dikte mouvman tribinal yo, pa prensip lalwa. Sa vle di, lajistis la pa fonksyone pou tout moun, men sèlman pou regle kont ak sa yo konsidere kòm advèsè.

Nan sitiyasyon sa, gwo kesyon retounen sou tab la : ki jistis e ki peyi n ap bati konsa ? Yon peyi kote bandi lib pou yo flannen nan salon anbasad yo, kote otorite fèmen je sou zak teworis sosyal, men se sitwayen, ansyen palmantè oswa jounalis yo ki toujou jwenn tèt yo anba presyon ? Yon peyi konsa, se pa yon Leta de dwa, men yon teren jwèt kote pouvwa ap sèvi ak lajistis kòm baton pou frape opozan.

Ayiti pa ka kontinye ap viv ak yon lajistis ki sèvi kòm mask pou politik. Chak fwa sistèm nan ap itilize prizon pou regle kont, li ap fè pèp la pèdi plis konfyans nan enstitisyon yo. Lajistis ki ta dwe kolòn vètebral demokrasi a, tounen yon do dwèt ki pliye devan presyon pouvwa. E se pa sèlman imaj sa li sal, men avni yon peyi tout antye.

Jean Launy AVRIL editoryalis Centre à la Une

By Jean Launy Avril

Je suis un guerrier de la vieille école. Nou fòme nan Syans Jiridik , Filozofi , Antropoloji sosyal e Syans Politik ak metriz nou nan Syans Sosyal domèn dwa moun ak demokrati .Nou se konsiltan plizyè medya entènasyonal nan kad dosye Ayiti yo . Aktivman angaje nan rechèch nan domèn istwa entènasyonal, jeyopolitik e konfli pi presizeman istwa kontanporèn nan '"Nantes Université'" peyi LaFrans. Apwòch nou yo entèdisiplinè ki konbine metodoloji syantifik, kritik achiv ak refleksyon sou memwa kolektif. Nou se manm fondatè et Direktè jeneral jounal "Centre à la UNE". Mail: jean.launy.avril@mi.unc.edu.ar