Revolisyon ayisyèn nan pa t yon soulèvman òdinè. Li se te yon tranblemanntè nan listwa mond lan, yon chòk ki te chanje trajèktwa limanite. Nan mwa Out 1791, nan fon Bwa Kayiman, fanm ak gason ki te esklav pran angajman pou yo viv lib oswa yo mouri. Angajman sa a, sele ak san ak ak lafwa nan yon kwayans ki t ap mare yo ansanm, te louvri pòt premye rebelyon esklav ki reyisi nan mond modèn.
Sou 13 ane, batay la te san pitye: lagè, represyon, masak, dife, grangou, men tou rezistans, òganizasyon, ak yon vizyon politik ki depase limit koloni Sen Domeng lan. Viktwa final la, an 1804, pa t sèlman nesans Ayiti kòm premye Repiblik Nwa endepandan. Se te tou yon pwen san retou pou sistèm esklavaj mondyal la, yon limyè ki te klere pou tout pèp ki t ap chache libète.
Lidè tankou Boukmann Dutty, ki te gide seremoni an, Toussaint Louverture, ki te pran direksyon estratejik ak politik batay la, Jean-Jacques Dessalines, ki te montre san pitye pou kraze esklavaj la, Henri Christophe, ak fanm tankou Sanité Bélair ki sakrifye lavi yo, yo tout te vin tounen poto mitan batay sa a. Revolisyon sa a se te pa sèlman yon lagè, men yon vizyon : yon lòt mond posib kote nwa, milat, ansyen esklav ak moun lib ka konstwi yon peyi pa yo.
Men jodi a, ki sa ki rete nan eritaj sa a? Nou tande pawòl trayizon, divizyon, ak konplo. Pèp la ap viv ak chenn nouvo fòm : koripsyon, depandans, ensekirite, politik ki makonnen ak enterè etranje. Flanm Bwa Kayiman an, ki te limen ak inite, vin tankou yon chabon k ap soufle anba sann trayizon.
Men, esans flanm sa a, èske nou toujou pote l jodi a? Revolisyon an te bati sou inite, sou detèminasyon pèp la ki te konprann pa gen libète nan chenn. Jodi a, nou tande pawòl anpil sou trayi, sou divizyon, sou pèp la ki lage nan mizè, pandan chenn yo vin gen lòt fòm : koripsyon, depandans, ensekirite. Sa fè n poze tèt nou kesyon : èske n toujou onore pawòl Bwa Kayiman yo?
Revolisyon ayisyèn nan se yon rapèl ke libète pa janm fèt nan negosyasyon ak opresè, men nan kouraj ak solidarite. Se yon eritaj ki di nou chak jenerasyon gen pou pote flanm nan, pa kòm yon memwa ki pran pousyè, men kòm yon zouti pou konstwi yon demen ki reflete sa zansèt yo te reve. Si 14 Dawout 1791 te sele angajman libète, 1 Janvye 1804 se te realizasyon li. Travay nou jodi a, se fè lavi chak Ayisyen vin reflete viktwa sa a.
Jean Launy AVRIL, Centre à la Une