1702-2025 : 323èm ane depi vil Mibalè fonde. Mwa dawout se mwa site Benoît Batraville la fete sen patwon li Sen-Lwi Wa Frans. 25 dawout, plizyè rejyon nan peyi a ap fete Sen-Lwi. Senk (5) mwa depi popilasyon Mibalè ak Sodo yo fòse kite lakay yo, pa ankò konnen jouk kilè Leta ayisyen ap pèmèt yo retounen lakay yo. Kilè Leta ayisyen ap pèmèt popilasyon deplase Mibalè ak Sodo yo retounen lakay yo ?
Mibalè, yon vil pou vizite ! Awondisman Mibalè se youn nan kat (4) awondisman depatman Sant lan genyen. Li se dezyèm nan depatman Sant lan aprè Ench. Awondisman Mibalè genyen 3 komin : Mibalè, chèf-lye awondisman an ; Sodo ak Boukan Kare.
Awondisman Mibalè fè pati rezo woutye peyi a. Li travèse pa wout nasyonal nimewo 3 ki relye Pòtoprens a Okap-Ayisyen an pasan pa vil Mibalè e ki dirije l vè Ench. Rejyon Mibalè jwi yon klima nòmal. Gwo chalè pa domine kote sa. Rejyon sa genyen yon flò ki trè abondan, trè rich ak divèsifye ; yon fòn trè varye. Ekonomi rejyon an te repoze sou kilti kafe, sitwon vèt, kann, ariko, pwa kongo, sizal, koton ak diri ; yo te konn kiltive tou bwa akajou, milè, … ak viv.
Vil Mibalè fonde vè 1702. Men kèk pèsonaj istorik : Jean-Philippe Daut, Noël Benjam, Larose Louis, David Troy Gabriel, Benoît Batraville. Kèk òm ak fanm deta : Rosalie Bosquet Adolphe (Mme Max Adolphe), Montmorency Benjamin, David Troy Fils, Marius Gaston, Louis Arnauld Guerrier, Sylvio Claude, Jean-Philippe Daut. Rejyon Mibalè prezante plizyè sit istorik, touristik ak natirèl ou dwe vizite.
Sit istorik :
● Legliz katolik Mibalè
● Simetyè Mibalè
● Kwadèmati ki rele jodi a Kafou Pelig
● Fò Anglè
● Fò Bovè
● Fò Tè-Wouj
● Fò Triyanon
● Fò Balimèt
● Fò Rochanbo.
Sit touristik :
● Kaskad Sodo
● Lak atifisyèl Pelig
● Santral Idwo-elektrik Pelig.
Sit natirèl :
● Gwòt Hing nan lokalite Koup Gòj nan seksyon Sarazen
● Gwòt Madam Jan-Pyè ak Mesye Jan-Pyè nan Koup Gòj nan Sarazen
● Gwòt Madam Dyab nan seksyon Gaskòy
● Gwòt Fon-cheval nan seksyon Krèt-Brile
● Gwòt Doko nan komin Sodo
● Gwòt Mawotyè nan komin Boukan Kare
● Sit yon sous tèmik ak yon gwòt nan Wòch nan fwontyè komin Boukan Kare ak komin Ti-Rivyè Latibonit.
Abitan Mibalè ak Sodo nan lari depi 31 mas 2025, jou atak gang ame ki nan kowalisyon kriminèl Viv Ansanm te fè sou 2 komin sa yo. Depi lè sa, moun yo ap viv mal nan divès zòn ak sit yo refijye yo. Nan kan deplase yo, popilasyon an ap viv nan yon eta kritik, lamantab ak eta ki pa fèt moun viv. Moun yo bezwen sipò pou kontinye siviv, pandan sa ki pi enpòtan yo mande se pou Leta ayisyen pèmèt yo retounen lakay yo.
Referans : GERMAIN, Féguès. Mirebalais à travers l’histoire d’Haïti. ÉDITIONS << LES PHALANGES D’OR >> ; Mirebalais (Haïti), Décembre 2011.
Jacky Médé Fontaine