Nan peyi Dayiti, tout bagay posib. Nenpòt moun ka pran mikwo, itilize gwo mo, fè gwo diskou, mete tèt yo nan pozisyon revolisyonè, menm lè reyalite yo ap trayi yo chak jou. Se egzakteman sa n ap viv ak Barbecue, chèf ak pot pawòl gwoup Viv Ansanm nan, ki nan plizyè entèvyou prezante tèt li kòm yon lidè politik, kòm yon vizyonè, kòm yon moun k ap mennen yon revolisyon pou pèp la. Men nan fon sa, se yon mask makiyaj li chwazi mete pou kache masak, laterè, ak destriksyon ki make tras l.

Nan tout entèvyou li yo, Barbecue toujou chaje ak bèl pawòl, men ou santi li pa janm pran responsabilite sou zak mechanste ak krim parèy li yo ap komèt chak jou. Li pale de chanjman, li pale de jistis sosyal, li pale de batay kont sistèm, men li pa janm pale de lopital boule, de inivèsite kraze, de medsen tire, de pwofesè masakre, de jèn ki mouri oubyen kouri kite peyi. Se pèp malere a, sa yo li fè kwè se baz revolisyon an, ki plis sibi laterè, ki plis pèdi, ki plis ap viv nan kouri ak nan soufrans.

Ki kalite revolisyon sa ye, lè se mas pèp la k ap peye pri a ak lavi yo? Revolisyon ki boule lopital jeneral, ki mete dife nan ministè, ki dechouke inivèsite, ki chase pwofesyonèl? Revolisyon ki fè tout moun ki gen kapasite fòme ak ede peyi a oblije kouri ale lòt bò dlo? Sa pa revolisyon, se destriksyon. Sa pa liberasyon, se yon prizon ouvè, kote pèp la viv anba laperèz ak degradasyon chak jou.

Si nou gade lòt kote nan mond lan, lè pèp ap pale de revolisyon, se pa pèp la ki sibi frap dirèk la. Nan peyi tankou Burkina Faso, Mali, ak lòt ankò, mouvman ki di yo kont sistèm enperyalis la mete estrikti sou pye, mete vizyon klè devan pèp la, epi chèche rezilta konkrè nan agrikilti, nan sekirite, nan devlopman. Men ann Ayiti, tout pale sou revolisyon se sèlman yon pretèks pou jistifye zak laterè, pou fè pèp la kwè gen yon misyon ki kache dèyè destriksyon yo.

Barbecue ap twonpe vijilans pèp la ak diskou ekspire. Men reyalite a, tout moun ka wè l: se pa sistèm entènasyonal ki plis viktim nan, se pèp ayisyen an ki tonbe anba pye, san fòs, san avni, san espwa. Tout sa yo rele revolisyon sa yo se yon fòmil ki fè malere a vin pi malere, ki fè peyi a tonbe pi fon nan fènwa. E lè yon lidè ap pale de revolisyon, men se pèp li di l ap defann nan ki vin pi viktim, nou pa dwe pran sa pou revolisyon, men pou trayizon.

Jean Launy AVRIL, editoryalis -Centre à la Une

By Jean Launy Avril

Je suis un guerrier de la vieille école. Nou fòme nan Syans Jiridik , Filozofi , Antropoloji sosyal e Syans Politik ak metriz nou nan Syans Sosyal domèn dwa moun ak demokrati .Nou se konsiltan plizyè medya entènasyonal nan kad dosye Ayiti yo . Aktivman angaje nan rechèch nan domèn istwa entènasyonal, jeyopolitik e konfli pi presizeman istwa kontanporèn nan '"Nantes Université'" peyi LaFrans. Apwòch nou yo entèdisiplinè ki konbine metodoloji syantifik, kritik achiv ak refleksyon sou memwa kolektif. Nou se manm fondatè et Direktè jeneral jounal "Centre à la UNE". Mail: jean.launy.avril@mi.unc.edu.ar