Aprè seyans odisyon 17 mèsenè kolonbyen yo ak ansyen ofisyèl Ministè Jistis la, Félix Badio, ki fèt lendi 13 Oktòb 2025, Lakou Dapèl Pòtoprens soti yon arè pou anile òdonans jij enstriksyon Walter Wesser Voltaire te rann 25 janvye 2024 epi chanje jij k ap mennen enstriksyon dosye a.

​Se Jij Denise Cyprien ki vin ofisyèlman nouvo jij ki anchaje dosye a.
Desizyon sa a soti nan men prezidan komisyon 3 manb Lakou a, Emmanuel Lacroix, ki fè deziyasyon an.

​Depi 7 Jiyè 2021, dat asasina a, dosye a konnen plizyè chanjman jij enstriksyon, sa ki souvan retade pwogrè ankèt la.

​Odisyon 17 sispèk kolonbyen yo ak Félix Badio, youn nan moun ki ta nan kè konplo a, te yon gwo etap.
Kounye a, ak chanjman nan tèt enstriksyon an, tout je fikse sou Jij Denise Cyprien pou wè ki jan li pral mennen ankèt la jouk rive nan yon òdonans fen enstriksyon ki pral pèmèt jijman moun ki enplike yo.

​Enkilpe yo retounen dèyè bawo aprè seyans odisyon an. Sò yo, ansanm ak sò lòt moun ki sispèk nan konplo asasina a, depann kounye a de travay Jij Cyprien gen pou li fè a.

​Lakou Dapèl fè konnen yo espere nouvo deziyasyon sa a ap bay enstriksyon an yon elan nouvo epi pèmèt jistis la avanse pi rapid nan yon dosye ki esansyèl pou estabilite e demann verite pèp Ayisyen an.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841