Depatman Sant. Ensekirite. Bandi ki nan kowalisyon kriminèl Viv Ansanm atake baz lapolis la nan Ledye (Mibalè) nan lannuit samdi 11 pou louvri dimanch 12 oktòb 2025 la. Anpil kout bal chante ant fòs lòd yo ak bandi yo. Genyen plizyè viktim, daprè Polis Nasyonal Ayiti a (PNH).
Lapolis Nasyonal d Ayiti enfòmè genyen plizyè bandi ki tonbe nan goumen ak fòs lòd yo dimanch 12 oktòb 2025 la.
Daprè Lapolis, bandi sa yo te fè yon pote boure sou pwen fiks polisye yo nan rejyon an. Inite espesyalize yo ki angaje sou tèren an te riposte pou montre bandi yo farin nan pa vin nan menm sak.
Pi lwen, PNH la fè konnen aksyon sa a rantre nan kad efò Lapolis la pou retabli sekirite nan tout zòn kote gang ame yo vle se yo ki pou fè lalwa, anba vyolans ak entimidasyon. Li fè konnen tou Wo Kòmandman an defini lòt estrateji tou nèf nan objektif pou kraze baz gang yo plat atè nan tout peyi a.
Kèk mwa depi PNH la te deplwaye inite espesyalize li yo nan Mibalè, pou ki rezilta ?
Lapolis Nasyonal d Ayiti te anonse 11 avril 2025 pase a li deplwaye inite espesyalize li yo nan vil Mibalè ki nan depatman Sant, aprè atak bandi ame yo te fè sou popilasyon 2 komin sa yo : Mibalè ak Sodo.
Inite sa yo ale pote ranfò pou sa ki te deja sou plas ki t ap goumen ak bandi yo. PNH la fè konnen Responsab chak inite sa yo resevwa lòd nan men Direktè jeneral Polis la pou yo mennen operasyon pou mache pran bandi yo, pou pèmèt lapè ak trankilite retounen nan vil Mibalè.
Anplis inite ki angaje sou tèren an, PNH fè konnen genyen tou materyèl pou goumen Wo Kòmandman Polis la te voye sou plas pou pèmèt fòs lòd yo jwenn plis rezilta nan operasyon yo.
Nan sans sa a, Lapolis fè konnen gen polisye ki deja pran pozisyon nan zòn estratejik yo epi k ap avanse sou zòn yo sible yo.
Menm jan ak plizyè lòt komin tankou Kenskòf, Lyankou ak Ti-Rivyè Latibonit, vil Mibalè anba atak repete gang ame. Plizyè milye abitan fòse kite lakay yo, daprè chif ofisyèl yo, abandonye byen yo epi kite dèyè tout sa yo te posede.
Centre à la UNE