Seleksyon maskilen ayisyèn foutbòl U-17 la ap patisipe nan Koup dimonn k ap fèt nan peyi Kata, sòti 3 pou rive 27 novanm 2025.
Ayiti nan gwoup E akonpanye Angletè, Venezyela ak Ejip. 12 gwoup konpoze avèk 4 ekip sa ki fè ototal 48 peyi k ap pran pa nan Koupdimonn U-17 la.
Seleksyon ayisyèn foutbòl U-17 la nan Mondyal !

Ayiti ap rantre nan batay 4 novanm 2025 fas Ejip ; l ap jwe kont Angletè 7 novanm ; 10 novanm Ayiti ap afwonte Venezyela.
Seleksyon maskilen foutbòl la nan kategori U-17 kite Ayiti pou ale fè eskal Jamayik epi enstale an Espay anvan yo ale dispite faz final Koupdimonn lan k ap òganize nan peyi Kata, nan dat 3 novanm rive 27 novanm k ap vini la.
Nan kèk jou ankò, jèn Grenadye yo pral foule pelouz pou reprezante peyi a nan Mondyal nan kategori jwè ki gen mwens pase 17 lane. Ayiti nan batay. Grenadye alaso !
Jacky Médé Fontaine, Centre à la UNE