Sesyon rekale bakaloreya pou desanm 2025 : enskripsyon kandida yo ap kòmanse lendi 3 novanm pou fini vandredi 28 novanm 2025._
Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) anonse enskripsyon kandida pou sesyon rekale bakaloreya desanm 2025 lan ap fèt sòti lendi 3 pou rive vandredi 28 novanm 2025 nan tout Direksyon Depatmantal Edikasyon yo (DDE). MENFP presize premyè sesyon egzamen Bakaloreya pou kandida rekale yo pou ane akademik 2025-2026 la pral reyalize 15 pou bout 18 desanm 2025.
Ministè a fè konnen kandida rekale ki nan Tèminal (filo oubyen Segondè 4) ki abilite pou patisipe nan eprèv yo pral konpoze inikman nan matyè yo p at genyen nòt pasaj la (nòt ki anrejistre nan baz done BUNEXE) pou yon peryòd 2 ane yonn dèyè lòt nan evalyasyon ofisyèl la. San sa, kandida rekale yo pral dwe reprann tout matyè yo.
Men kondisyon pou patisipe :
1. Fich patisipasyon nan dènye eprèv yo oubyen atestasyon MENFP ;
2. De (2) foto idantite ;
3. Frè patisipasyon de mil (2 000) goud pou chak kandida.
N ap raple, enskripsyon yo prevwa pou peryòd lendi 3 novanm rive vandredi 28 novanm 2025 nan tout Direksyon Depatmantal Edikasyon yo (DDE). Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl mande tout Direktè Depatmantal Edikasyon yo pou pran tout dispozisyon nesesè pou bon dewoulman pwosesis enskripsyon kandida ki konsène yo.
Jacky Médé Fontaine, Centre à la UNE