Plizyè milye moun manifeste lendi 17 novanm 2025 lan nan komin Miragwàn pou eksprime solidarite yo anvè komisè Jean Ernest Muscadin.
Sou demann plizyè òganizasyon sosyopolotik nan depatman Nip, manifestan yo ki te an kolè kont BINUH aprè piblikasyon dènye rapò li a ladann li endekse Komisè gouvènman Muscadin, te genyen pankat ak branch bwa nan men yo. Pwotestatè yo te lanse pawòl piman bouk kont responsab misyon onizyèn yo pandan yo denonse tout enjerans nan zafè politik peyi a.
N ap fè remake, plizyè lòt mouvman pwotestasyon ki vize soutni komisè Jean Ernest Muscadin pral òganize nan metwopòl Sid la, Okay, semèn sa, sitou nan okazyon komemorasyon batay Vètyè.
Yon lòt kote, anbasad amerikèn anonse yon nouvo kontenjan « Marines » rantre an Ayiti. Toutfwa, responsab yo pa bay okenn esplikasyon konsènan efektif yo.
Klima sonm ak ensètitid sa k ap taye banda sou peyi a temwaye feblès Leta. Plis pase 15 mwa aprè mizanplas yon Konsèy prezidansyèl tranzisyon (KPT) ki chaje pou retabli lòd ak sekirite, sitiyasyon an rete malouk. Kidnapin youn kole ak lòt, asasina, vòl, vyòl… bandi yo kontinye ap montre fòs yo.
Jacky Médé Fontaine, Centre à la UNE