Ayiti 52 lane aprè, kalifikasyon istorik, yon lòt paj istwa nan yon menm dat… 18 novanm 1803 : lame endijèn genyen batay Vètyè. 18 novanm 2025 : ekip ayisyèn foutbòl la kalifye pou Koupdimonn 2026.

Aprè 1974, Ayiti brize malediksyon an e li kalifye pou Koupdimonn 2026. Seleksyon ayisyèn foutbòl bò kote gason yo valide tikè kalifikasyon li pou Mondyal 2026 la, madi 18 novanm 2025, gras a yon viktwa 2-0 kont Nikaragwa, nan okazyon sizyèm ak dènye jounen eliminatwa a, sa ki siyen Ayiti fè gran retou li sou sèn mondyal la aprè plis pase senkant lane atant.

*51 lane aprè dènye patisipasyon l, Ayiti kalifye pou Mondyal 2026*

Ekip nasyonal ayisyèn nan dezòmè kalifye pou dispite Koupdimonn 2026 la, aprè yon faz eliminatwa ki te trè sere. Grenadye yo bay maksimòm de yo pou patisipe nan gran espektak espòtif sa ki reyini tout kilti ak tout ras.

Grenadye yo fini nan premyè pozisyon nan gwoup C a, ki te konpoze avèk Nikaragwa, Kosta Rika ak Ondiras. Ayiti se sèl ekip nan gwoup sa ki jwenn biyè kalifikasyon li.

Jwè ayisyen yo dispite tout match lakay yo aletranje, an rezon ensekirite k ap vale tèren nan peyi a. Kalifikasyon istorik sa kapab pote yon souf lespwa epi kontribye pou apeze sitiyasyon sekiritè a nan peyi a.

*Mondyal 2026 : yon rèv ki devni reyalite pou Ayiti*

Ayiti kalifye pou Koupdimonn 2026. Yon demi-syèk aprè patisipasyon l istorik li nan Koupdimonn FIFA, Ayiti tounen nan pi prestijye konpetisyon foutbòl sou latè. 18 novanm nan se yon siyal ki lanse ! Yon kri, yon souf, yon nasyon antyè : yon siyal lanse… Ayiti leve yon fwa ankò ! Jodi a, ayisyen ap selebre fyète l, idantite l ak rezilyans li. Seleksyon ayisyèn foutbòl la raple menm fas a jeyan yo, ou kapab briye, siprann epi enspire.

1974 se te premye siyal la. 2026 se pral konfimasyon an : Ayiti ap leve toujou, l ap gide pa desten li. Se yon kalifikasyon pou Ayiti ki temwaye kouraj, pasyon ak egzanp. Kalifikasyon sa, se istwa yon pèp ki refize mouri, se senbòl yon nasyon ki malgre fènwa, ap kontinye chèche limyè. Se yon siyal renesans, yon prèv pèp Ayisyen an refize pèdi.

Ayiti kalifye pou Koupdimonn FIFA 2026. 1974-2026 : 52 lane atant, 52 lane lespwa, 52 lane swaf grandè. Priyè a monte. Rèv la reyalize !

Jacky Médé Fontaine, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841