<< Manda KPT a ap fini 7 fevriye men misyon an ki pa akonpli kapab etann li sou 10 a 12 lòt mwa >>, se deklarasyon konseye-prezidan Fritz Alphonse Jean nan emisyon << Se sa nou vle >> ki anime pa Rudy Sanon, mèkredi 3 desanm 2025 la.

Selon konseye a ki sanksyone pa Etazini pou relasyon prezime li avèk gang, popilasyon an pa t ap fè diferans ant manda ak misyon. Se sèten, manda KPT a ap rive nan bout li 7 fevriye men misyon li se kreye kondisyon sekiritè pou rive nan eleksyon, se sa li presize.

Pou li, kounye a, li kesyon pou pran mezi sa yo pou akonpli misyon an. << Se pa yon bagay 2 mwa nou rete, misyon nou se fè eleksyon >>, se sa Fritz Jean rapousuiv pou di. Konseye-prezidan Fritz Alphonse Jean sanble pa vle pati kite pouvwa 7 fevriye k ap vini la !

Jacky M. Fontaine, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841