Pandan reyinyon pou mete sou pye Fòs Represyon Gang yo (FRG) ki te fèt madi 9 desanm 2025 nan Misyon Kanada nan Nasyonzini, plizyè peyi te anonse nouvo kontribisyon pou ranfòse misyon entènasyonal sekirite a ann Ayiti, selon yon sous gouvènmantal ki pale ak Centre à la UNE semèn sa a.
Plizyè peyi, tankou Tchad ak Bangladèch, pwopoze voye sòlda, enjenyè ak polisye pou ede fòs sekirite ayisyèn yo. Daprè sous la, angajman ki pi solid yo soti nan plizyè gouvènman afrikèn ki te patisipe nan konferans ki te fèt madi nan New York.
Gwo kontribisyon sòlda ak ekipman
Dapre enfòmasyon yo:
Tchad pwopoze voye 1 500 sòlda.
Lòt kontribisyon vini tou nan men Sierra Leone, Burkina Faso, Gambi (Lwès Afrik), ak Burundi (Lès Afrik).
Kenya, ki deja gen anviwon 700 polisye ann Ayiti, konfime prezans li nan fòs la.
Kanada pral mete 40 milyon dola ameriken an plis nan Fon afektasyon espesyal la, epi li pral bay plis pèsonèl, ak yon gwo anfaz sou pwoteksyon fanm ak jèn yo.
Etazini, pou pati pa yo, anonse yon sipò politik ak operasyonèl ogmante. Yo raple misyon an gen yon karaktè « vital » epi li dwe ofansif.
Plizyè lòt peyi pwomèt bay fòs la plis pase 3 500 nouvo pèsonèl — sitou sòlda, pa sèlman polisye. Yo pwomèt tou:
inite mobil,
yon inite ayeryèn,
yon konpozan maritim.
Repiblik Dominikèn anonse yon kontribisyon 10 milyon dola epi li renouvle dispozisyon lopital li yo pou evakyasyon medikal pou FRG.
Patisipasyon Ayiti nan finansman fòs la
Pou premye fwa, Leta ayisyen ap kontribye finansyèman nan yon misyon entènasyonal ki la pou ede retabli sekirite sou teritwa a. Premye enfòmasyon yo fè konnen Ayiti pral bay 50 milyon dola, yon pati an lajan, yon pati an nati.
Nan reyinyon an, yo te souliye klèman ke FRG pa yon misyon pou mentni lapè, men yon operasyon aktif kont gang yo.
Yon konsansis fò sòti : retabli sekirite se yon kondisyon esansyèl pou òganize eleksyon epi retabli lòd konstitisyonèl.
Plizyè peyi mansyone nesesite pou:
yon angajman entènasyonal dirab,
ranfòsman PNH,
pwogram dezameman ak reintegrasyon jèn yo.
Yon dinamik san presedan
Daprè sous gouvènmantal la, reyinyon an montre yon ogmantasyon sipò entènasyonal pou Ayiti.
Peyi patisipan yo envite finalize angajman yo anvan fevriye 2026.

Nan yon kominike Primati a, yo salye lidèchip Etazini ak Kanada, ki ap dirije mouvman entènasyonal sa a pou konbat ensekirite a ann Ayiti.
Peyi yo repete ke misyon GSF la esansyèl pou:
retabli otorite Leta,
sekirize teritwa a,
kreye kondisyon pou retou nan lòd konstitisyonèl.
Yo fè konnen anpil peyi pwomèt gwo kontribisyon an pèsonèl espesyalize, kapasite operasyonèl, ak sipò finansye. Sa montre ijans kriz sekirite Ayiti a epi konfyans kominote entènasyonal la nan plan gouvènman ayisyen an.
Sèten peyi repete ke ranfòse sekirite a se trase chemen pou eleksyon yo. »
Primati a ajoute ke vwayaj chèf gouvènman an te pèmèt ranfòse yon koalisyon ini, ki gen objektif libere Ayiti anba men gang ak zak teworis.
Fòs FRG : etap kap vini yo
Gen yon lòt reyinyon ki pwograme vandredi, fwa sa a nan Washington, nan katye jeneral OEA.
Kowòdonatè Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an, Laurent Saint-Cyr, pral patisipe.
Diskisyon yo ap santre sou aplikasyon plan aksyon an ak sa kap vini aprè 7 fevriye 2026.
FRG la, ki te etabli pa Konsèy Sekirite Nasyonzini an oktòb 2025, dwe genyen 5 500 manm e li gen yon manda 12 mwa.
Genyen tou yon Biwo Sipò Nasyonzini pou Ayiti ki responsab lojistik ak finansman atravè kontribisyon volontè.
Ranfòsman PNH ak FADH
Leta ayisyen ap travay pou ranfòse kapasite PNH ak Fòs Lame Dayiti (FADH):
Bidjè PNH pou 2025-2026 la se 33.3 milya goud, ladan yo 6.7 milya goud pou envestisman.
Sou 70 machin blende yo te kòmande :
10 deja rive,
20 pare pou anbake,
rès yo ap rive nan premye trimès 2026.
INL (Depatman Deta ameriken) deja pare pou bay 25 blende.
Gen yon pwotokòl ant MJSP ak Ministè Defans lan pou itilize baz Vertières ansanm (PNH + FADH). Ameriken yo ap bay ekipman ak yon chan tir.
Pwogram P-4000 ap kontinye : fòme 4 000 polisye pandan ane fiskal la.
Koulye a, plis pase 900 nan fòmasyon epi yo pral gradye nan mwa janvye. Chak twa mwa, yon nouvo gwoup 1 000 rekrit ap antre.
Travay reyalizasyon yo reyabilitasyon 10 komisarya ak sou-komisarya) ap fèt pa UCLBP ak BMPAD, ki gen dat limit mas 2026.