Prezidan konsèy prezidansyèl tranzisyon an (KPT), Laurent Saint-Cyr, te prezide jedi 18 desanm 2025 lan yon konsèy minis nan Villa d’Accueil, an prezans manm KPT a ak manm gouvènman an. Reyinyon an te sitou konsakre sou analiz sitiyasyon sekiritè peyi a, ansanm ak adopsyon plizyè pwojè dekrè ak arete.
Nan fen diskisyon yo, Konsèy Minis la adopte yon pwojè dekrè ki konsène òganizasyon ak fonksyònman Ministè Ayisyen k ap Viv Aletranje (MHAVE), ansanm ak yon pwojè dekrè ki revize dekrè 22 desanm 2005 la ki gen rapò ak Ministè Kondisyon Fanm ak Dwa Fanm (MCFDF). Yon lòt pwojè dekrè tou adopte sou òganizasyon ak fonksyònman Ministè Jènès, Espò ak Aksyon Sivik (MJSAC).

Otorite yo apwouve tou yon pwojè dekrè ki fikse òganizasyon ak fonksyònman Administrasyon Jeneral Dwàn (AGD), ansanm ak yon pwojè dekrè ki mete sou pye yon mekanis dijital pou kontwòl antre ak sòti vwayajè yo, atravè yon kat dijital ki rele « IKAT ».
Sou plan libète piblik yo, Konsèy la adopte yon pwojè dekrè ki ankadre egzèsis libète lapawòl, epi ki prevwa prevansyon ak represyon zak difamasyon ak deli laprès.
Anplis de sa, plizyè pwojè arète valide, pami yo nominasyon manm Konsèy Ansèyman Siperyè ak Rechèch Syantifik, sanksyon Dokiman Estrateji Nasyonal pou Konbat Trafik Moun (DSNLTP), ansanm ak sanksyon Plan Preparasyon pou Kriz Sekirite Alimantè ak Nitrisyonèl.

Sou plan diplomatik, Konsèy Minis la ratifye nominasyon Jean Josué Pierre kòm Anbasadè, Reprezantan pèmanan Ayiti bò kote Òganizasyon Eta Ameriken yo (OEA), ansanm ak nominasyon Jean Robert Pillard kòm Anbasadè ekstraòdinè ak plenipotansyè Ayiti nan Repiblik Lafrik di Sid.
Dapre otorite yo, desizyon sa yo antre nan kad efò gouvènman tranzisyon an pou ranfòse bon gouvènans, modènize administrasyon Leta, epi reponn ak defi sekiritè, enstitisyonèl ak sosyal peyi a ap konfwonte.