Yon fouy byen vize ki te fèt lendi sa a, 29 desanm 2025, nan tèminal CTSA 2 nan katye Moren nan Okap Ayisyen, mennen otorite yo nan sezi twa (3) zam afe ansanm ak yon gwo kantite minisyon ki t ap soti Ozetazini.
Operasyon an te reyalize gras ak kowòdinasyon

« Bureau de Lutte contre le Trafic de Stupéfiants » (BLTS) ak Brigad Siveyans Ladwàn, ki te dekouvri zam ak minisyon yo andedan yon kontenè ajans CMA CGM.

Daprè enfòmasyon ki disponib, ajan yo te mete men sou yon fizi asòlt tip Kalachnikov, de (2) pistolè mak Sar Arms ak Sarsilmaz, ansanm ak 1 800 bal kalib 9 milimèt.

Tout materyèl ilegal sa yo te byen kache nan katon ki te make ak enskripsyon « Gonaïves 208 », sa ki te pèmèt otorite yo idantifye pwopriyetè machandiz la. Se Clément Mary Junior Thelusma, yon nonm 43 lane, orijinè Gonaïves, ki te entèpele sou plas pa ajan BLTS yo.

PUB

Pou respekte pwosedi legal yo, jij de pè presipal a.i., Me Bimps Noël, te deplase sou sèn nan pou fè konsta legal sezi a. Sispèk la mete kounye a an detansyon, pandan li ap tann swit jidisyè ki dwe bay sou dosye a.
Operasyon sa a vini kòm yon lòt pa enpòtan nan batay kont trafik zam ilegal nan peyi a, nan yon kontèks kote otorite yo kontinye ranfòse mezi sekirite nan pò ak tèminal ladwann yo.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841