Nan yon piblikasyon li fè mèkredi 31 desanm 2025 la, prezidan Brezilyen an Luis Inácio Lula da Silva anonse gouvènman li a fini ane a avèk plizyè rekò apati dènye semèn mwa desanm nan.
Nou pral fini 2025 la sou yon bon nòt, avèk plizyè rekò ki konplete semèn pase a:
- Nou rive ak pi ba to chomaj nan tout listwa peyi Brezil ki se (5.2%).
- Nou bat rekò kantite moun ki anplwaye, ki pase moute a 103 milyon
- Nou bat rekò kantite moun ki gen kontra travay fòmèl ki touche 39.4 milyon
- Nou bat rekò pi gwo revni reyèl mwayèn travayè yo ki se R$ 3,574 reais (reyal)
- Nou pral atenn pi ba to enflasyon nou depi kat (4) dènye ane sa yo, depi pwogram nou an ki se Plan Real la.
- Nou atenn pi gwo pèfòmans kimile mache aksyon an ki se 34%, ak pi fò apresyasyon lajan Brezilyen reais, parapò ak dola ameriken an depi 2016 ki se jodi a 11.1%
- Nou atenn yon nonb rekò touris etranje ki evalye a 9 milyon
- Nou fè pi gwo envestisman dirèk (net) nan peyi a depi 2012 ki evalye a 84.2 milya dola ameriken, soti janvye pou rive novanm 2025.
An 2026, nou pral rete angaje pou yon Brezil jis, demokratik, ak souveren. Epi nou pral fè pi plis bagay toujou.
Selon divès obsèvatè byen enfòme, li trè posib pou prezidan Lula eli ankò nan eleksyon 2026 yo kòm prezidan peyi Brezil, parapò ak ansanm pwogrè gouvènman li a reyalize nan byennèt peyi Brezil pandan dènye manda li la.
Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE