Premye minis la, Alix Didier Fils-Aimé, fè konnen ane 2026 la pral konsakre sitou ak kestyon sekirite ak pwosesis elektoral la ann Ayiti. Li te fè deklarasyon sa yo nan yon videyo anviwon de (2) minit li pibliye sou rezo sosyal ofisyèl yo.
Dapre chèf gouvènman an, otorite yo lanse yon batay dirèk kont gwoup ame yo. Operasyon k ap fèt yo vize reprann, ti kras pa ti kras, katye gang yo te pran kontwòl. Objektif la se pèmèt popilasyon ki te deplase yo retounen lakay
yo.

Alix Didier Fils-Aimé asire aksyon gouvènman an ap kontinye san entèripsyon. Li deklare li ap travay lajounen kou lannuit pou amelyore sitiyasyon sekirite a. Dapre li, retablisman lòd la se yon etap esansyèl pou estabilize peyi a.

Sekirite ak eleksyon, yon lyen gouvènman an rekonèt
Premye minis la souliye ke 2026 pral tou yon ane elektoral. Li presize sekirite a se yon kondisyon endispansab pou òganize eleksyon ki kredib. Selon li, otorite yo dwe anvan tout bagay retabli otorite Leta sou tout teritwa a.

Nan entèvansyon li, Alix Didier Fils-Aimé di li vle fè 2026 vin yon ane ki pi bon pase 2025. Li pale de efò soutni k ap fèt pou ranfòse sekirite piblik epi amelyore kondisyon lavi popilasyon an.

Chèf gouvènman an remèsye tou fòs lòd yo. Li felisite travay Polis Nasyonal d Ayiti ak inite ki angaje sou teren an. Li rekonèt difikilte fòs sa yo ap rankontre, tout pandan li mete aksan sou wòl santral yo nan batay kont ensekirite.

Pou kounye a, gouvènman an poko kominike yon kalandriye presi. Sepandan, otorite yo fè konnen aksyon yo ap kontinye pou kreye yon klima ki pi estab pandan ane 2026 la.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841