Depite Nikolas Ferreira ki se alye ansyen prezidan Jair Messias Bolsonaro, pataje yon montaj videyo « IA » ki montre divès ajans ameriken kaptire prezidan Lula, tousuit aprè anlèvman Nicolás Maduro a. Malgre depite Ferreira a di se te yon blag li t ap fè, Depite Lindbergh Farias ki se lidè Pati Travayè yo (PT) nan chanm depite a, deklare semèn sa a li depoze yon plent fòmèl nan lapolis federal kont depite Nikolas ki « dwe arete pou trayizon ak vyolasyon souverènte nasyonal. »

Pi lwen, atravè depite federal Reimont Luiz Otoni Santa Barbara, Pati Travayè yo (PT) ak Pati Sosyal Libète a (PSOL), depoze yon lòt plent semèn sa a, ki mande arestasyon depite opozisyon an Nikolas puiske li sigjere pou lòt peyi anvayi Brezil, nan sousi pou « kidnape prezidan Repiblik la Lula. » Depite Rimont deklare pakè federal la dwe mennen ankèt sou dosye a.

Reimont mande pou yo retire videyo Nicolás te pibliye a, epi bloke kont li sou rezo sosyal yo. Ansyen prezidan PSOL la, Juliano Medeiros, ak depite federal Ivan Valente (PSOL-SP), te pote plent kont Nikolas nan pakè jeneral Brezil konsènan menm piblikasyon an.

“Li klè, Nikolas Ferreira te mande leta ameriken kraze lòd enstitisyonèl demokratik la nan peyi Brezil,” depite yo deklare nan plent lan.

Anplis plent yo te depoze kont Nikolas, Eduardo, ak Flávio, ki soti nan Pati Travayè yo (PT) deside tou pouswiv plizyè lòt figi politik ki te fè kòmantè negatif sou operasyon ameriken an kont prezidan Maduro a.

Selon jounalis Lauro Jardim ki travay nan GLOBO, pati a pral pouswiv tou vis-gouvènè São Paulo a, Felício Ramuth, ki te dekri pati prezidan Lula a (OT) kòm yon pati ki nan trafik dwòg. Anplis de vis-gouvènè a, PT a te depoze yon plent tou kont depite federal opozisyon an, Paulo Bilynskyj, pou domaj moral. Bilynskyj te poste yon videyo sou rezo sosyal tou, kote li lye pati a ak Prezidan Lula ak trafik dwòg epi li te ekri : “Yo dwe arete l.”

Dapre Pati Travayè a, kontni sa a ap gaye fo enfòmasyon ak difamasyon nan peyi Brezil, san okenn baz reyèl osnon legal. Piblikasyon sa a te gen anpil pataj, kòmantè ak angajman, sa ki fè l vin pi grav, paske li difize li pandan peryòd pre-eleksyon an ki trè sansib.

Pou kounye a, tout dosye sa yo deja nan men lajistis nan peyi Brezil, kote y ap mennen ankèt, analize yo, yon fason pou limyè fèt sou konpòtman tout sitwayen sa yo ki, selon responsab Pati Travayè yo, vle mete an danje lòd Demokratik ak Enstitisyonèl nan peyi a.

Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841