Sou lidèchip Direktè Depatmantal la, Mesye Wilson Antonio, Direksyon Depatmantal Edikasyon Sant (DDE-Sant) òganize, nan vil Ench, jedi 15 janvye 2026, gwo asiz refleksyon sou refondasyon Sistèm Edikatif Ayisyen an (SEH). Aktivite sa a dewoule anba tèm :
« Pour une éducation transformatrice; Assises pour la refondation du système éducatif haïtien ».
Inisyativ sa a rasanble plizyè aktè kle nan sektè edikasyon an, tankou; responsab edikatif, enspektè, direktè lekòl piblik ak prive, pwofesè, reprezantan sendika, òganizasyon sosyete sivil, ansanm ak lòt patnè estratejik ki enterese nan avni edikasyon ann Ayiti.

Objektif prensipal asiz sa yo se kreye yon espas dyalòg, analiz ak pwopozisyon konkrè pou chanje an pwofondè fason sistèm edikatif ayisyen an fonksyone, nan yon kontèks kote sektè a ap fè fas ak anpil defi estriktirèl, sosyal ak ekonomik.

Diskisyon yo te chita sou twa (3) gwo tematik estratejik, sètadi :

1-Gouvènans sistèm edikatif la, ki konsène fason edikasyon an dirije, planifye ak kontwole ;

2-Efikasite, ki vize amelyorasyon kalite ansèyman an, pèfòmans lekòl yo ak fòmasyon resous imen yo ;

3-Aksè ak edikasyon, ki chache asire plis timoun ak jèn, san diskriminasyon, jwenn opòtinite pou yo ale lekòl nan bon kondisyon.

Nan diskou ouvèti li, Direktè Depatmantal Edikasyon Sant la, Wilson Antonio, souliye nesesite pou refonde sistèm edikatif la sou nouvo baz ki adapte ak reyalite peyi a ak bezwen jenerasyon kap vini yo. Li ensiste sou enpòtans patisipasyon kolektif, kote tout aktè yo dwe pote kontribisyon yo pou konstwi yon edikasyon ki pi enklizif, modèn ak transfòmatè.

Asiz sa yo bay plas a plizyè atelye tematik, deba ak rekòmandasyon ki vize fòmile pwopozisyon konkrè pou oryante politik piblik nan domèn edikasyon an, ni sou plan depatmantal ni sou plan nasyonal.

Direksyon Depatmantal Edikasyon Sant la wè aktivite sa a kòm yon etap enpòtan nan pwosesis refondasyon sistèm edikatif ayisyen an, epi li renouvle angajman li pou kontinye travay ak tout patnè yo pou amelyore kalite edikasyon an, ranfòse gouvènans la epi elaji aksè a edikasyon pou tout timoun Ayiti.

Divès sitwayen ki te patisipe nan aktivite sila temwayen kontantman yo, pandan yo mansyone, asiz sa yo ta dwe fèt pi souvan nan lide pou genyen yon edikasyon de kalite ki adapte ak vrè bezwen peyi a.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841