Apeprè yon mwa anvan manda Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (KPT) rive nan bout li, plizyè fòs politik, pami yo Mouvman pou Rekonstriksyon ak Rekonsilyasyon Nasyonal (MORN), Gran Blòk Pèp la, Inisyativ 24 avril 2025, Opozisyon Pliryèl, Akò Karibe, Demokrat Angaje pou yon Ayiti Fò ak Enklizif (DEHFI) ak Mouvman Patriyòt (MP-18), anonse yo fòme yon alyans politik solidè.
Alyans sa a fèt ofisyèlman 14 janvye 2026, ak objektif pou garanti yon tranzisyon politik ki estab aprè 7 fevriye 2026, dat manda KPT a ap pran fen.
Antite politik sa yo fè konnen, konsidere fen manda KPT a ki pwòch, yo vle evite tout vid enstitisyonèl nan peyi a. Se nan sans sa a yo pwopoze yon egzekitif ak de (2) tèt. Dapre pwopozisyon an, Prezidan Repiblik la ta dwe soti nan Lakou Kasasyon, si pa ta gen yon konsansis politik ki degaje, tandiske Premye Minis la ta dwe chwazi sou baz konsansis pou dirije yon gouvènman sovtaj nasyonal.
Pi lwen, siyatè yo fè konnen yo dispoze deziye yon ekip teknik ki pral gen responsabilite pou akonpaye pwosesis pasasyon pouvwa a, nan respè prensip kontinite Leta.
Nan konklizyon, siyatè yo fè konnen yo opoze ak tout demach Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an ki ta vize pwolonje manda li, yo estime ki pa ni lejitim ni akseptab.
