Sekretè jeneral Òganizasyon Nasyonzini (ONU), Pòtigè António Guterres, anonse nominasyon Daniela Kroslak, ki soti Almay, kòm sekretè jeneral adjwen epi chèf Biwo Nasyonzini pou sipò ann Ayiti (BANUH), yon nouvo estrikti ki fèk kreye.
An 2025, Daniela Kroslak te prensipal fasilitatè nan evalyasyon Misyon sipò Nasyonzini ann Libi (MANUL).
An 2024, li te dirije evalyasyon endepandan sou pèsonèl estratejik ak sivil Biwo Nasyonzini bò kote Inyon Afriken (UNOAU).
Li te okipe pòs reprezantan espesyal adjwen sekretè jeneral la ak chèf misyon adjwen nan Misyon entegre miltidimansyonèl Nasyonzini pou estabilizasyon nan Mali (MINUSMA), jiska fen manda misyon an an desanm 2023.
Ant 2020 ak 2022, li te chèf misyon adjwen nan Misyon Nasyonzini pou sipò akò Hodeïda (MINUHA) nan Yemèn.
Li te tou chèf kabinè nan Misyon Nasyonzini pou sipò jistis ann Ayiti (MINUJUSTH).
Li okipe plizyè lòt gwo pòs nan katye jeneral Nasyonzini ak sou teren, tankou nan Soudan, Repiblik Demokratik Kongo, Rwanda, epi nan International Crisis Group nan Kenya.
Dapre Nasyonzini, Kroslak gen plis pase 25 ane eksperyans nan zafè politik, operasyon mentni lapè ak direksyon misyon, sitou nan kontèks tranzisyon ki frajil.
Li gen yon doktora nan syans politik entènasyonal ak yon lisans nan istwa ak syans politik entènasyonal nan Inivèsite Aberystwyth (Wayòm Ini). Li gen tou yon lisans nan lang aplike nan Inivèsite Paul Valéry nan Montpellier (Frans).
Nominasyon Daniela Kroslak kòm chèf BANUH la fèt nan yon moman kote fòs lòd yo ap mennen operasyon ann Ayiti, espesyalman nan sant vil Pòtoprens, pou repran zòn gang ame yo okipe.
Li vini tou kèk semèn avan deplwaman ofisyèl, apati avril 2026, Fòs entènasyonal pou konbat gang (FRG). Otorite Repiblik Dominikèn konfime sa apre yon reyinyon ki te fèt 16 mas 2026 nan Dajabón, ak diplomat ameriken ki baze Pòtoprens ak Santo Domingo. Dapre deklarasyon ofisyèl yo, pa t gen okenn otorite ayisyèn nan rankont sa a.
Gouvènman Tchad prevwa voye 800 polisye ak jandam ann Ayiti anvan jen 2026 pou patisipe nan fòs sa a, dapre ajans Reuters.
Nan mwa septanm 2025, Konsèy Sekirite ONU, atravè rezolisyon 2793, te deside kreye BANUH pou bay sipò teknik ak lojistik sitou bay FRG, Polis Nasyonal Ayiti (PNH) ak Fòs Ame Ayiti (FAd’H) nan batay kont gang yo.
Rezolisyon sa a te pèmèt tou transfè Misyon miltinasyonal pou sipò sekirite (MMAS) pou li tounen FRG pou yon premye peryòd 12 mwa.
Kantite manm FRG otorize a fikse a 5,500 sòlda ak polisye an inifòm, ansanm ak 50 sivil.