Wo komisarya Nasyonzini dwa moun (HCDH) pibliye yon rapò lendi 23 mas 2026 revele plis pase 3 300 moun pèdi lavi yo ann Ayiti, ant mas 2025 ak janvye 2026. Majorite viktim yo se sivil ki pran nan bal ant gang ame ak fòs sekirite yo.
Nan kòmansman rapò a, Organisation des Nations Unies an bay alèt sou ogmantasyon vyolans yo epi li mande pou fèt ankèt endepandan pou pwoteje popilasyon an epi fè respekte dwa pou viv.
Nan depatman Latibonit ak Sant, vyolans gang yo kraze anpil jaden, bloke wout yo epi fòse plis pase 1.4 milyon moun kite kay yo, sa ki vin agrave pwoblèm grangou pou anviwon 5.7 milyon Ayisyen.
Dapre dokiman an, plis pase 60 % viktim yo se sivil, ladan yo gen fanm ak timoun. Gen anpil moun ki blese pandan entèvansyon fòs sekirite yo, kote pafwa yo itilize fòs letal ak mwayen ayeryen.
Zòn ki plis touche yo se Port-au-Prince, Cité Soleil, Croix-des-Bouquets, ansanm ak depatman Sant ak Latibonit.
Haut-Commissariat des Nations Unies aux droits de l’homme lan fè konnen vyolans sa yo ap anpeche moun jwenn sèvis esansyèl yo epi yo vin agrave kriz imanitè ki deja grav nan peyi a.
Li rekòmande pou gen ankèt endepandan sou chak operasyon ki lakòz lanmò sivil, pou kapab idantifye responsablite yo, anpeche nouvo masak, epi mete yon pi bon kowòdinasyon ak sipò entènasyonal pou pwoteje moun ki pi vilnerab yo.