31 mas 2026 , Nan yon epòk kote anpil jèn ap chèche trase chemen yo nan mitan difikilte sosyal ak ekonomik, pakou jèn ayisyen Newton Monnay parèt tankou yon istwa ki merite rakonte. Soti nan Vil Sodo, kote li fè premye pa li nan lekòl primè nan Lekòl Mè yo(Notre Dame du Mont-Carmel), li te kòmanse bati baz konesans li ak disiplin ki tap vinn make tout trajè lavi li. Depi nan etap sa a, anvi aprann ak volonte pou avanse te deja vizib, malgre limit anviwònman an. Li kontinye etid segondè li de 7e AF a 8e Af nan lekòl Emanuelle par la foi de Saut-d’Eau, e de 9e AF ak Filo nan College Saint-Pierre de Mirebalais, de espas kote li pa sèlman ranfòse kapasite akademik li, men li kòmanse devlope yon konsyans sou mond lan ak sou plas li ladan l. Fòmasyon sa yo vin konstitye fondasyon entèlektyèl ki pral pèmèt li pouswiv etid siperyè li nan Pòtoprens, kote li antre nan fakilte, nan yon kontèks kote aksè ak estabilite pa toujou garanti, men kote li kenbe menm liy direksyon an, avanse malgre tout baryè yo.
Se nan dinamik sa a li pran desizyon pou elaji orizon li, pou li travèse fwontyè, rive nan Amerik Latin nan, espesyalman an Ajantin, yon chwa ki pote ak li defi lengwistik, kiltirèl ak akademik. Nan vil Rosario, li entegre Inivèsite UAI(Universidad Abierta Interamericana)li antre nan domèn Relasyon Entènasyonal, yon chimen ki mande rigè analiz, konpreyansyon politik mondyal ak kapasite refleksyon kritik. Aprè plizyè ane etid soutni, rechèch ak adaptasyon nan yon nouvo reyalite, li finalize travay memwa li sou tèm: “Ayiti nan agenda MERCOSUR: yon analiz kritik sou opòtinite koperasyon ak entegrasyon”. Travay sa a antre nan yon lojik refleksyon sou plas Ayiti nan espas rejyonal Amerik Latin nan, epi li poze kesyon sou dinamik entegrasyon yo, limit yo ak potansyèl yo.

Pakou Newton Monnay a ilistre, nan yon fason klè, kapasite yon jenerasyon jèn ayisyen pou konstwi tèt yo atravè edikasyon, menm lè kondisyon yo pa toujou favorab. Ant Sodo, Mibalè, Pòtoprens ak Rosario, se yon trajè ki travèse espas jeyografik diferan, men ki kenbe yon liy kontinwite: rechèch konesans, disiplin ak adaptasyon. Resepsyon diplòm li nan dat 31 mas 2026 make yon etap enpòtan nan chemen sa a, epi li mete an limyè prezans ak kontribisyon etidyan ayisyen yo nan espas inivèsitè entènasyonal yo, espesyalman nan Amerik Latin nan, kote kesyon entegrasyon, koperasyon ak idantite rejyonal rete nan kè refleksyon akademik yo.
Nan menm liy lan, pakou sa a poze yon kesyon ki depase istwa pèsonèl Newton Monnay: ki plas peyi a, ak vil li soti a patikilyèman Sodo (Mibalè) ap rezève pou jèn ki fòme ak konpetans sa yo? Paske dèyè diplòm nan, gen yon jenerasyon ki pare pou sèvi, pou pataje konesans li ak kontribye nan devlopman peyi a. Pou Newton, rèv la pa limite ak reyalizasyon akademik li, li chita sou volonte pou retounen, mete sa li aprann nan sèvis sosyete a, epi patisipe nan transfòmasyon reyalite li soti ladan l. Kesyon an rete ouvè, Eske sistèm nan prè pou ofri jèn sa yo espas, mwayen ak konfyans pou yo aji? Paske san opòtinite, menm pi bèl rèv yo ka rete nan nivo entansyon.
Jean Launy AVRIL, redaktè jounal Centre à la Une