Jodi jedi 16 avril 2026 la, Bibliyotèk Minisipal vil Hinche te sèvi kad pou òganizasyon 9yèm Tab Sektoryèl Anviwònman Depatman Sant lan, yon rankont enpòtan ki te reyini plizyè aktè konsène ak kesyon anviwònman an, ansanm ak nouvo direktè depatmantal la. Aktivite sa a te fèt nan lide pou ranfòse refleksyon ak aksyon sou pwoteksyon anviwònman ak devlopman dirab nan rejyon an.
Nan kòmansman rankont la, Eliakim LEURBOURS te fè lekti kont rann 8yèm tab sektoryèl la, sa ki te pèmèt patisipan yo revize prensipal desizyon ak rekòmandasyon ki te soti nan dènye reyinyon an.
Pou dezyèm pwen an, Marc-Albert R. CALIXTE te anime yon prezantasyon sou taks anviwònmantal kòm mwayen devlopman, kote li te mete aksan sou enpòtans mete mekanis finansye serye pou soutni pwojè pwoteksyon anviwònman ak amelyorasyon kondisyon lavi popilasyon an.Li te fini pou mete aksan sou eksplwatasyon nan movèz kondisyon, absans, lwa kad ki pa genyen.
Twazyèm entèvansyon an te fèt ak Direktè Depatmantal Jean Dumanès, ki te pale sou maladi dlo ki pa pirifye lakòz, pandan li te atire atansyon sou risk sante piblik ki genyen lè popilasyon an ap itilize dlo sal oswa dlo ki pa trete. Li te mande plis sansibilizasyon ak mezi prevansyon.
Pou fini, JULES Michbordy te devlope tèm edikasyon anviwònmantal, kote li te ensiste sou nesesite pou fòme jenerasyon kap vini yo sou bon jan pratik pou pwoteje lanati, jere fatra ak konsève resous natirèl yo.
Divès kesyon enterè jeneral ki te anime sal kote moun yo t ap mande eske se mwayen finansman ou byen lojistik ki anpeche direksyon depatmantal Anviwonman an pwogrese sou plizyè lide ki toujou soti nan tab la, sitou yon sit dechaj nan depatman an ak divès lòt projè ki ta kapab fè tout aktè yo rejwen yo ansanm pou chanje vizaj vil Ench.
9yèm Tab Sektoryèl sa a make yon nouvo etap nan kolaborasyon ant enstitisyon leta yo ak lòt patnè nan depatman Sant lan, anba lidèchip nouvo direktè a, pou bay kesyon anviwònman an plis enpòtans nan politik devlopman lokal yo.