Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) enfòme piblik la, nan yon sikilè nan dat 13 me 2026, dezòmè semèn sòti 11 pou rive 17 me nan chak lane deklare << Semèn Apresiyasyon Edikatè yo >>. Se yon semèn ki vize onore kouraj, rekonèt sakrifis epi salye devouman chak fanm ak gason sa yo k ap fasone lespri ak nanm peyi Ayiti, daprè sa nou li nan sikilè a.
Nan jounen 17 me a, Ministè Edikasyon Nasyonal presize chak lekòl dwe òganize yon seremoni espesyal monte drapo ki reyini elèv, edikatè ak paran. Pandan aktivite sa a, direksyon chak lekòl ap adrese yon mesaj remèsiman ak rekonesans alandwa edikatè yo.
Pandan peryòd sòti 11 pou bout 17 me a, MENFP raple Direksyon depatmantal Edikasyon (DDE) yo dwe distenge Edikatè de lane yo pou prezante ak apresiyasyon piblik la epitou ak kolèg yo.
Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl souliye DDE yo dwe mobilize kominote edikatif la nan objektif patisipasyon yo nan tout aktivite sosyal-kiltirèl ak rekreyatif ki òganize nan onè yo. Direksyon depatmantal Edikasyon yo dwe tou fè tout bagay nan lide pou kreye espas echanj ak platfòm difizyon temwanyaj ki ilistre konsiderasyon ak dereferans anvè Edikatè yo, daprè sa nou li nan sikilè MENFP pibliye a.
Jacky M. Fontaine, Centre à la UNE